Jeremias 3
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.
2“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou. 3Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont. 4Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?
5“‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”
6Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. 7Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. 8Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou. 9Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa. 10Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.
11Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda. 12Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. 13Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a. 14“Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.” 15“Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann. 16Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò. 17Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo. 18Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”
19“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”
20“Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a. 21Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo. 22“Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.”
“Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an. 23Anverite, soutyen kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël. 24Men afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo. 25Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvri nou. Paske nou te peche kont Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.

Você sabia?
Um chamado ao retorno das irmãs infiéis
- Durante o reinado do rei Josias de Judá, Jeremias recebeu profecias que comparavam o reino do norte de Israel e o reino do sul de Judá a duas irmãs. Embora o reino do norte já tivesse sido repudiado por sua idolatria, Judá não aprendeu com o destino de sua irmã e retornou apenas em fingimento.Fontes: o próprio texto bíblico · Josiah
- O profeta antevê uma restauração futura na qual o povo disperso é trazido de volta a Sião, a colina histórica de Jerusalém. Naquele tempo, a própria Jerusalém seria chamada de Trono do SENHOR, e a arca da aliança não seria mais lembrada nem reconstruída.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Jerusalem
- Utilizando a imagem de leis matrimoniais e divórcio, o texto retrata o culto a deuses estrangeiros em colinas e debaixo de árvores verdes como infidelidade conjugal. Apesar dessa traição, o SENHOR convida repetidamente Seus filhos infiéis a reconhecerem a sua culpa e a retornarem para Ele.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org