Jeremias 29
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, sila yo se pawòl a lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo, 2( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) 3Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:
4Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo: 5“Bati kay e viv nan yo. Plante jaden e manje pwodwi yo. 6Pran madanm e vin papa a fis ak fi. Pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo, epi vin miltipliye la e pa diminye. 7Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.” 8Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè. 9Paske yo fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a. 10Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”
15Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”— 16Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki pa t antre ak nou an egzil yo— 17Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt. 18Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo, 19akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.
20Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo. 21“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou. 22Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a, 23akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”
24A Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di: 25“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di: 26“SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè. 27Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a Anathoth ki fè pwòp tèt li pwofèt ou menm nan? 28Paske, li te voye nou Babylone e li te di: Egzil la va byen long. Bati kay pou viv. Plante jaden pou manje pwodwi yo.”’”
29Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la. 30Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di: 31“Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,” 32Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”

Você sabia?
A carta de Jeremias aos exilados na Babilônia
- Jeremias enviou sua carta aos exilados por meio de Elasa, filho de Safã, e Gemarias, filho de Hilquias, emissários reais enviados pelo rei Zedequias a Nabucodonosor na Babilônia. Em vez de esperar um retorno imediato, os deportados foram aconselhados a construir casas, plantar hortas, casar-se e orar pelo bem-estar e paz da cidade onde viviam.Fontes: o próprio texto bíblico · Elasah · Gemariah
- O profeta advertiu a comunidade a não confiar em adivinhos e falsos profetas que prometiam um fim rápido ao cativeiro. Em vez disso, a mensagem divina declarou que o exílio sob o domínio babilônico duraria setenta anos antes que Deus os restaurasse a Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo registra uma troca de cartas entre Jerusalém e a Babilônia. Um profeta rival chamado Semaías, o neelamita, enviou cartas da Babilônia ao sacerdote Sofonias em Jerusalém, exigindo que Jeremias fosse colocado no tronco por orientar os exilados a se estabelecerem para uma longa permanência.Fontes: o próprio texto bíblico · Shemaiah · Zephaniah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 3, 4, 8, 10, 15, 16, 20, 21, 22, 24, 28, 31
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 4, 16, 20, 25
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org