Jeremias 28
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di: 2“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ‘Mwen te kraze jouk wa Babylone nan. 3Pandan dezan Mwen va fè rive nan plas sa a, tout veso lakay SENYÈ yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran fè sòti nan plas sa a pou te pote Babylone yo. 4Anplis, Mwen va mennen fè retounen nan plas sa a, Jeconia, fis a Jojakim nan, wa a Juda a ak tout egzile Juda ki te ale Babylone yo,’ deklare SENYÈ a, ‘paske Mwen va kraze fado a wa a Babylone nan.’”
5Answit pwofèt Jérémie te pale ak pwofèt Hanania nan prezans a prèt yo, e nan prezans a tout moun ki te kanpe lakay SENYÈ yo, 6epi pwofèt Jérémie te di: “Amen! Ke SENYÈ a fè l konsa. Ke SENYÈ a kapab konfime pawòl ke ou te pale yo, pou fè mennen retounen veso lakay SENYÈ yo, e tout moun ki ekzile yo, sòti Babylone pou antre nan plas sa a. 7Malgre sa, tande pawòl sa a ke m prèt pou pale nan tande pa w ak tande a tout pèp la! 8Pwofèt ki te avan mwen yo, e avan ou depi nan tan ansyen an, te pwofetize kont anpil peyi e kont gwo wayòm, pou lagè, pou kalamite ak envazyon ensèk ki ta ravaje peyi yo. 9Pwofèt ki te pwofetize lapè a, lè pwofesi sa a vin rive; alò, pwofèt sa a va vin rekonèt kon yon pwofèt ke SENYÈ te vrèman voye.”
10Alò Hanania, pwofèt la, te retire jouk la sou kou Jérémie e te kraze li. 11Hanania te pale nan prezans a tout pèp la e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Menm konsa, avan dezan, Mwen va kraze jouk Nebucadnetsar, wa Babylone nan, fè l sòti sou kou a tout nasyon yo.’” Alò, pwofèt Jérémie te al fè wout li.
12Pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè Hanania te fin kraze jouk la sou kou pwofèt Jérémie an. Li te di: 13“Ale pale ak Hanania e di: ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou te kraze jouk ki fèt an bwa yo, men ou fè rive olye de yo, jouk yo ki fèt an fè.” 14Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Mwen te mete yon jouk fèt an fè sou kou a tout nasyon sila yo, pou yo ka sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan; epi yo va sèvi li. Anplis, Mwen te bay li bèt chan yo.”’”
15Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti. 16Pou sa, se konsa SENYÈ a pale: ‘Gade byen, Mwen prèt pou retire ou sou sifas tè a. Ane sa a, ou va mouri, akoz ou te konseye rebelyon kont SENYÈ a.’” 17Se konsa Hanania, pwofèt la, te mouri nan menm ane sa a nan setyèm mwa a.

Você sabia?
Jeremias e o falso profeta Hananias
- Hananias, filho de Azur da cidade benjamita de Gibeom, confrontou publicamente Jeremias no templo de Jerusalém durante o quarto ano do rei Zedequias. Ele profetizou que, dentro de dois anos, Deus quebraria o jugo da Babilônia, devolveria os utensílios do templo e traria de volta o rei Jeconias e os exilados.Fontes: o próprio texto bíblico · Gibeon · Zedekiah · Jehoiachin
- Jeremias usava um jugo de madeira no pescoço como sinal físico da submissão ao rei Nabucodonosor da Babilônia. Depois que Hananias retirou o jugo e o quebrou diante dos sacerdotes e do povo, Deus anunciou por meio de Jeremias que o jugo de madeira quebrado seria substituído por um pesado jugo de ferro sobre as nações.Fontes: o próprio texto bíblico · Jeremiah · Nebuchadnezzar
- Jeremias advertiu Hananias de que o Senhor não o havia enviado e que ele havia feito o povo confiar em mentiras. Por ter pregado rebeldia contra Deus, Hananias foi avisado de que morreria naquele mesmo ano, vindo a falecer dois meses depois, no sétimo mês.Fontes: o próprio texto bíblico · Hananiah · Jeremiah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 1
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 2, 3, 4, 6, 11, 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org