Juízes 6
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane. 2Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch. 3Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo. 4Konsa, yo te fè kan kont yo, detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik. 5Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li. 6Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.
7Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian, 8ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la. 9Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo. 10Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’”
11Alò zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo. 12Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”. 13Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.”
14SENYÈ a te gade li e te di: “Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”
15Li te di Li: “O SENYÈ, kijan mwen kapab delivre Israël? Gade byen, fanmi mwen, se pi piti a nan Manassé e Mwen se pi piti a lakay papa m.”
16Men SENYÈ a te di li: “Anverite, Mwen va avèk ou e ou va genyen Madian tankou yon sèl gason.”
17Konsa Gédéon te di Li: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye Ou; alò, montre mwen yon sign ke se Ou menm ki pale avè m. 18Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.”
Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”
19Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.
20Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.”
Epi konsa li te fè. 21Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.
22Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”
23Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”
24Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.
25Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Astarté ki akote li a. 26Epi bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye ou an, sou tèt fòterès sila nan yon jan ki an lòd. Epi pran yon lòt towo e ofri li avèk bwa ki te nan poto Astarté ke ou va koupe mete atè a.”
27Alò, Gédéon te pran dis mesye nan sèvitè li yo, e li te fè jan SENYÈ a te pale li a. Epi akoz li te pè lakay papa li ak mesye lavil yo, li pa t fè l nan lajounen, men pandan lannwit.
28Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati. 29Yo te di a youn lòt: “Se kilès ki te fè bagay sa a?”
Lè yo fè ankèt pou mande, yo te di: “Gédéon, fis a Joas la te fè bagay sa a.”
30Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.” 31Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”
32Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”
33Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la. 34Konsa, Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li. 35Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou yo te vin monte, rankontre ak yo.
36Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a, 37gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”
38Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.
39Alò, Gédéon te di a Bondye: “Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.” 40Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.
Você sabia?
O chamado de Gideão e a opressão midianita
- Como os nômades midianitas e povos aliados saqueavam a terra e destruíam as colheitas por sete anos consecutivos, Gideão precisou malhar o trigo dentro de um lagar, em vez de numa eira aberta, para não ser visto pelos invasores.Fontes: o próprio texto bíblico · Gideon
- Depois que Gideão destruiu à noite o altar de Baal de seu pai Joás e cortou o poste sagrado, os moradores exigiram sua execução; Joás defendeu o filho argumentando que Baal deveria pleitear por si mesmo, o que deu a Gideão o nome de Jerubaal.Fontes: o próprio texto bíblico · Gideon · Joash
- Enquanto os invasores se reuniam no vale de Jezreel, Gideão convocou guerreiros de Manassés, Aser, Zebulom e Naftali, buscando confirmação de seu chamado por meio de sinais sucessivos com uma porção de lã na eira.Fontes: o próprio texto bíblico · Valley of Jezreel
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Midian · 28.495, 35.012 · versículos 1, 2, 3, 6, 7, 13, 14, 16, 33
- Amalek · 30.648, 34.422 · versículos 3, 33
- East · Hoje: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículos 3, 33
- Gaza · Hoje: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 4
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 8, 9, 13
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 33
- Valley of Jezreel · Hoje: Jezreel Valley · 32.596, 35.242 · versículo 33
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org