Juízes 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:
2“Akoz chèf yo te dirije Israël,
akoz pèp la te pran desizyon,
beni SENYÈ a!
3“Tande O wa yo!
Bay zòrèy nou, O gran chèf yo!
Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante.
Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.
4“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir,
lè Ou te mache soti nan chan Édom an,
tè a te tranble e syèl la te fonn,
menm nwaj yo te degoute dlo.
5Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a,
Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la.
6“Nan jou a Schamgar a, fis a Anath la,
nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone,
e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.
7Aktivite abitan yo te sispann.
Yo te sispann an Israël,
jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve.
Jiskaske m te leve, yon manman an Israël.
8Yo te pito dye nèf yo.
Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo.
Èske gen lans, èske gen nepe,
pami karant-mil lòm an Israël yo?
9Kè m apiye vè chèf Israël yo,
mesye ki parèt ak bòn volonte pami pèp la.
Beni SENYÈ a!
10“Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo,
nou menm ki chita sou tapi chè yo,
ak nou menm ki vwayaje sou wout la.
11Lwen bwi achè yo,
nan kote y ap rale dlo,
la yo va rakonte zèv ladwati a SENYÈ a,
zèv ladwati pou moun li yo an Israël.
“Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.
12‘Leve, leve, Débora!
Leve, leve, chante yon chan!
Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’
13“Retay prens yo ak chèf yo te desann.
SENYÈ a te desann pou mwen kont pwisan yo.
14Sila yo rasinen nan Amalek te soti nan Ephraïm.
Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a.
Soti nan Makir, kòmandan yo te desann.
E soti nan Zabulon,
sila ki voye baton pouvwa yo.
15Prens Issacar yo te avèk Débora.
Tankou Issacar, konsa Barak.
Nan vale a, yo te plonje dèyè talon li.
Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon.
16Poukisa nou chita pami pak mouton yo
pou tande kri a bann mouton yo?
Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè
ki manke pran desizyon.
17Galaad te rete lòtbò Jourdain an.
Poukisa Dan te rete nan bato yo?
Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo?
18Men Zabulon, yon pèp ki pa t
konsidere lavi yo jiska devan lanmò;
ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.
19“Wa yo te parèt. Yo te goumen;
wa Kananeyen yo te goumen kote Thaanac,
toupre dlo a Méguiddo yo.
Yo pa t pran piyaj an ajan.
20Zetwal yo te goumen soti nan syèl la,
soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.
21Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale,
ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an.
O nanm mwen mache avanse ak fòs.
22Epi zago cheval yo te bat akoz kous la;
kous a tout gwo zago pwisan sa yo.
23‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a!
Modi pèp ki rete la a nèt,
akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisan yo.’
24“Beni pase tout fanm yo se Jaël,
madanm Héber a, Kenyen an.
Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan.
25Li te mande dlo; li te ba li lèt.
Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.
26Li te lonje men li pou pran pikèt la,
men dwat la pou mato ouvriye a.
Konsa, li te frape Sisera.
Li te kraze tèt li.
Wi, li te kraze fwontèn tèt li a.
27Antre janm li yo, li te tonbe.
La, li kouche.
Kote gason an te bese a,
la, li te tonbe mò.
28“Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble:
Manman Sisera te gade anndan treyi a.
‘Poukisa cha l la fè reta konsa?
Poukisa nou poko tande bwi
a pye cheval cha li yo,
k ap frape tè a pou l rive?’
29Demwazèl saj li yo tap reponn li;
Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li
30‘Èske se pa ke yo te jwenn,
ke y ap divize piyaj la?
Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye;
pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse,
piyaj a yon twal anbeli trese byen fen;
yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’
31“Se konsa pou kite tout lènmi
Ou yo peri, O SENYÈ,
men ke sila ki renmen Li yo
vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.”
Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.

Você sabia?
O Cântico de Débora e Baraque
- O cântico poético de vitória destaca as variadas reações das tribos israelitas durante a crise. Enquanto grupos como Zebulom, Naftali e Issacar arriscaram a vida na batalha, outros como Rúben, Dã, Aser e os habitantes de Gileade permaneceram entre seus rebanhos, navios e portos litorâneos.Fontes: o próprio texto bíblico · Zebulun · Gilead
- O confronto decisivo ocorreu perto de Taanaque, junto às águas de Megido, uma área na planície de Jezreel onde a torrente caudalosa do rio Quisom arrastou as forças inimigas.Fontes: o próprio texto bíblico · Taanach · Barak
- O poema cria um vívido contraste literário entre duas mulheres: Jael, a queneia habitante de tendas que abateu o comandante Sísera, e a mãe aristocrática de Sísera, que olhava pela janela gradeada à espera de despojos e de um filho que jamais retornaria.Fontes: o próprio texto bíblico · Jael · Sisera (army captain)
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 4
- Mount Tabor · Hoje: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículo 13
- Amalek · 30.648, 34.422 · versículo 14
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 17
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 17
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 19
- Megiddo · Hoje: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · versículo 19
- Taanach · Hoje: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · versículo 19
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org