Juízes 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, zanj SENYÈ a te monte soti Guilgal a Bokim. Li te di: “Mwen te mennen nou sòti an Égypte, e Mwen te mennen nou antre nan peyi ke M te sèmante a zansèt nou yo. Epi Mwen te di: ‘Mwen p ap janm kraze akò Mwen avèk nou. 2Konsa, pou nou menm, nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a? 3Pou sa, Mwen te di anplis, ‘Mwen p ap pouse yo sòti devan nou, men yo va devni tankou zepin akote nou e dye pa yo va vin yon pèlen pou nou.’”
4Lè zanj SENYÈ a te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve vwa pa yo pou te kriye.
5Pou sa, yo te bay plas sa non Bokim, epi la, yo te fè sakrifis bay SENYÈ a. 6Lè Josué te fin fè pèp la ale, fis Israël yo te ale yo chak nan pwòp eritaj pa yo pou posede tèren an. 7Pèp la te sèvi Josué pandan tout jou a Josué yo e tout jou a ansyen ki te sèvi Josué yo, ki te wè tout gran zèv SENYÈ a te fè pou Israël yo.
8Epi Josué, fis a Nun nan, Sèvitè SENYÈ a, te mouri nan laj san-dis ane. 9Yo te antere li nan tèritwa eritaj pa li, nan Thimnath-Hérès nan peyi ti kolin Éphraïm yo, vè nò a Mòn Gaasch. 10Tout jenerasyon sila a, osi, te vin ranmase vè zansèt pa yo. Konsa, te vin leve yon lòt jenerasyon apre yo ki pa t rekonèt SENYÈ a, ni nonplis zèv ke Li te fè pou Israël yo. 11Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo. 12Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 13Yo te abandone SENYÈ a pou te sèvi Baal avèk Astarté yo. 14Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo. 15Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem. 16Alò, SENYÈ a te fè leve jij ki te livre yo soti nan men a sila ki t ap piyaje yo. 17Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo. 18Lè SENYÈ a te konn fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou a jij yo. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo. 19Men li te konn rive ke nan lè jij la vin mouri, yo ta vire tounen pou aji pi konwonpi pase zansèt yo. Yo te swiv lòt dye yo pou sèvi yo, e bese ba devan yo. Yo pa t janm abandone zèv sila yo, ni chemen tèt mato yo. 20Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te di: “Akoz nasyon sa a te transgrese akò ke Mwen te kòmande zansèt yo, e pa t koute vwa M, 21Mwen menm tou, Mwen va sispann chase devan yo, okenn nan nasyon ke Josué te kite la lè l te mouri yo, 22pou pase Israël a leprèv pa yo menm, pou wè si yo va kenbe chemen a SENYÈ a pou mache ladann jan zansèt pa yo te fè a oswa non.” 23Konsa SENYÈ a te pèmèt ke nasyon sa yo rete pami yo, e pa t pouse yo sòti vit. Li pa t livre yo nan men Josué.

Você sabia?
O ciclo de desobediência de Israel e os juízes
- O nome Boquim significa "que choram" ou "pranteadores". O local, provavelmente situado entre Gilgal e Siló, recebeu esse nome depois que os israelitas choraram amargamente quando o anjo do Senhor os repreendeu por fazerem acordos com os habitantes da terra.Fontes: Bochim · o próprio texto bíblico
- Josué foi sepultado em Timnate-Heres, que significa "porção do sol", ao norte do monte Gaás, na região montanhosa de Efraim. Ele havia liderado os israelitas após a morte de Moisés e faleceu aos 110 anos de idade.Fontes: Timnath-heres · Gaash · Joshua · o próprio texto bíblico
- O termo baalins é a forma plural que se refere às manifestações locais de Baal, a principal divindade masculina dos fenícios. Juízes 2 estabelece o padrão recorrente do livro: Israel abandona o Senhor para adorar deuses locais, sofre sob opressores e é liberto quando Deus levanta um juiz.Fontes: Baal · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org