Nations Bible

Esdras 6

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Wa Darius te pibliye yon dekrè e yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan. 2Nan Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo, e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre:

3Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati, e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a 4avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a. 5Anplis, kite zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan. Konsa, nou va depoze yo nan kay Bondye a.

6Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la. 7Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an. 8Anplis, Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: Tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo. Epi sa dwe fèt san fè reta. 9Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la, e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke, 10pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo. 11Epi mwen te pibliye yon lòd ke nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra. 12Ke Bondye ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a. Kite li akonpli avèk dilijans!

13Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kòlèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.

14Epi ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Konsa, yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la. 15Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan mwa Adar la. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.

16Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa. 17Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo. 18Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.

19Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan katòzyèm jou nan premye mwa a. 20Paske prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm, yo tout nan yo te pwòp. Epi yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm. 21Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e tout sila ki te separe yo menm de lenpite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la. 22Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Conclusão e dedicação do Templo

  • Embora o rei Dario tenha ordenado uma busca nos arquivos da Babilônia, o decreto original de Ciro autorizando a reconstrução do templo foi encontrado na fortaleza de Ecbátana, na província da Média, onde Ciro mantinha uma residência real.Fontes: o próprio texto bíblico · Ecbatana
  • Tatenai, o governador persa da região a oeste do Eufrates que havia investigado a obra, recebeu ordens de Dario para custear integralmente a construção e fornecer animais para os sacrifícios diários a partir dos impostos recolhidos em sua província.Fontes: o próprio texto bíblico · Tatnai
  • O templo foi concluído no sexto ano de Dario mediante o ministério profético de Ageu e Zacarias, e sua dedicação foi celebrada com sacrifícios jubilosos, incluindo doze bodes que representavam todas as tribos de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Haggai · Zechariah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Babylonia · 32.543, 44.422 · versículo 1
  • Ecbatana · Hoje: Tell Hagmatana · 34.806, 48.516 · versículo 2
  • Media · 34.806, 48.516 · versículo 2
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 5, 9, 12, 18
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 5
  • Beyond the River · 31.777, 35.234 · versículos 6, 8, 13
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 6
  • Persia · 34.806, 48.516 · versículo 14
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 22

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.