Esdras 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò pwofèt yo, pwofèt Agée avèk pwofèt Zacharie, fis a Iddo a, te pwofetize a Jwif ki te Juda avèk Jérusalem. Yo te pwofetize nan non Bondye Israël la. 2Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.
3Nan lè Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: “Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?” 4Anplis, yo te mande non a mesye yo ki t ap fè batisman sila a. 5Men zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la.
6Kopi a lèt ke Thathnaï, gouvènè lòtbò rivyè a, e Schethar-Boznaï avèk kòlèg Arpacschad yo ki te lòtbò rivyè a, ke yo te voye a Darius, wa a. 7Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa:
A Darius, wa a; lapè avèk ou!
8Kite li rekonèt a wa a ke nou te ale nan pwovens a Juda a, vè kay a gran Bondye a, ki ap bati avèk wòch ki gwo, e travès yo ap poze nan mi li yo. Travay sila a ap avanse avèk gwo swen e ap byen reyisi nan men yo. 9Konsa, nou te kesyone ansyen sila yo epi te mande yo konsa: “Kilès ki te bay ou dekrè pou rebati tanp sa a, e fini avèk konstriksyon sa a?” 10Anplis, nou te mande yo non yo pou nou ta kab fè ou konnen e ke nou ta kapab ekri non a mesye ki te chèf an tèt yo. 11Se konsa yo te reponn nou. Yo te di: “Nou se sèvitè a Bondye syèl la avèk tè a, e n ap rebati tanp ki te bati anpil ane pase yo, ke yon gran wa Israël te bati, e te fin acheve. 12Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone. 13Sepandan, nan premye ane Cyrus la, wa Babylone nan, Wa Cyrus te pibliye yon dekrè pou rebati kay Bondye sila a. 14Anplis, zouti an ajan avèk lò lakay Bondye ke Nebucadnetsar te retire soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote yo nan tanp Babylone nan. Menm sila yo, Cyrus te pran soti nan tanp Babylone nan, e yo te bay a yon nonm ki te rele Sheshbatsar, sila li te chwazi kon gouvènè a. 15Li te di li: ‘Pran zouti sila yo, ale depoze yo nan tanp Jérusalem nan, e kite kay Bondye a vin rebati nan plas li.’ 16Epi Sheshbatsar sila a te vin poze fondasyon kay Bondye a Jérusalem nan. Epi depi lè sa a, jis rive koulye a, li te anba konstriksyon men li poko fini.
17Alò, si sa ta fè wa a kontan, kite yon rechèch fèt lakay trezorye wa a ki Babylone nan, ke si se konsa, yon dekrè te fèt pa Cyrus pou rebati kay Bondye sila a Jérusalem. Epi konsa, kite wa a voye bannou desizyon pa li sou ka sa a.”

Você sabia?
O reinício do Templo e a investigação persa
- A construção do templo havia cessado por anos, mas o trabalho foi retomado sob a liderança de Zorobabel e Jesua após as exortações dos profetas Ageu e Zacarias em Jerusalém. Zacarias, descrito em Esdras como filho de Ido, ministrou ao lado de Ageu durante o reinado do rei Dario.Fontes: o próprio texto bíblico · Haggai · Zechariah · Zerubbabel
- Tatenai atuava como governador persa da província a oeste do rio Eufrates. Ao observar, juntamente com oficiais como Setar-Bozenai, a construção diligente com grandes pedras e vigas de madeira, ele interrogou os anciãos sobre sua autorização e enviou uma consulta formal ao rei Dario.Fontes: o próprio texto bíblico · Tatnai · Shethar-boznai
- Em sua resposta a Tatenai, os líderes judeus recorreram ao decreto de Ciro, que havia conquistado a Babilônia, permitido o retorno dos exilados e devolvido os utensílios de ouro e prata saqueados anteriormente por Nabucodonosor. Tatenai solicitou ao rei uma busca nos arquivos reais da Babilônia para verificar o decreto.Fontes: o próprio texto bíblico · Cyrus · Nebuchadnezzar
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 3, 14, 15, 16, 17
- Beyond the River · 31.777, 35.234 · versículos 3, 6
- Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 6
- Judea · Hoje: Judea 2 · 31.777, 35.234 · versículo 8
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 12, 13, 14, 17
- Babylonia · 32.543, 44.422 · versículo 12
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org