Nations Bible

Ezequiel 46

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pòtay pou lakou enteryè ki bay fas vè lès la va fèmen pandan sis jou travay yo; men li va ouvri nan Saba a, e li va vin ouvri nan jou nouvèl lin nan. 2Prens lan va antre pa chemen galri a, soti deyò pou kanpe akote poto pòtay la. Epi prèt yo va founi ofrann brile li yo ak ofrann lapè li yo, li va adore nan papòt pòtay la, e li va sòti. Men pòtay la p ap fèmen jis rive nan aswè. 3Pèp peyi a osi va adore nan papòt pòtay la devan SENYÈ a, nan Saba yo, ak nouvèl lin yo. 4Ofrann brile ke prens lan va ofri a SENYÈ a nan jou Saba, a va sis jenn mouton san defo, ak yon belye san defo; 5epi ofrann sereyal la va yon efa ak belye a, ofrann sereyal la ak jenn mouton yo, va kantite ke li kapab bay la e yon mezi lwil ak yon efa. 6Nan jou nouvèl lin nan, li va ofri yon jenn towo san defo; anplis, sis jenn mouton ak yon belye ki san defo. 7Epi li va founi yon ofrann sereyal, yon efa ak towo a, yon efa ak belye a, ak jenn mouton yo, kantite ke li kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa. 8Lè prens lan antre, li va antre pa galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”

9“‘“Men lè pèp peyi a vini devan SENYÈ a nan fèt chwazi yo, sila ki antre pa pòtay nò pou adore a, va sòti pa pòtay sid la. Epi sila ki antre pa pòtay sid la, va sòti pa pòtay nò a. Pèsòn pa pou retounen pa menm chemen ke li te antre a, men li va sòti tou dwat. 10Lè yo antre, prens lan va antre pami yo; epi lè yo sòti, li va sòti.”

11“‘“Nan fèt ak jou fèt chwazi yo, ofrann sereyal yo va yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, ak jenn mouton yo, kantite ke l ap kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa. 12Lè prens lan founi yon ofrann bòn volonte, yon ofrann brile, oswa ofrann lapè kon ofrann bòn volonte a SENYÈ a, pòtay vè lès la va vin ouvri pou li. Epi li va founi ofrann brile pa li a, ak ofrann lapè li a, jan li konn fè nan jou Saba a. Epi li va sòti e pòtay la va vin fèmen lè li fin sòti.

13“‘“Epi ou va founi yon mouton yon lane, san defo pou yon ofrann brile a SENYÈ a chak jou; chak maten, ou va founi li. 14Anplis, ou va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, yon sizyèm efa ak yon tyè mezi lwil pou mouye farin fen an, yon ofrann sereyal a SENYÈ a tout tan selon yon òdonans ki p ap janm fini oubyen chanje. 15Konsa, yo va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, kon yon ofrann brile ki va fèt tout tan.”

16“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Si prens lan bay yon don eritaj a nenpòt nan fis li yo, li va apatyen a fis li yo; se posesyon pa yo selon règleman eritaj la. 17Men si li bay yon don nan eritaj li a youn nan sèvitè li yo, sa va pou li jis rive nan ane libète a; epi li va retounen a prens lan. Eritaj li va sèl pou fis li yo; li va apatyen a yo menm. 18Prens lan pa pou pran nan eritaj a pèp la e mete yo deyò nan pwòp posesyon pa yo. Li va bay fis li yo yon eritaj k ap sòti nan pwòp posesyon pa li, pou pèp Mwen an pa vin divize, okenn moun, de posesyon pa li a.”’”

19Epi li te mennen m pase nan antre akote pòtay la, antre anndan chanm sen pou prèt yo, ki te bay fas vè nò. Epi gade byen, te gen yon plas pa dèyè nèt vè lwès. 20Li te di mwen: “Sa se plas kote prèt yo va bouyi ofrann koupab ak ofrann peche a ak kote yo va kwit ofrann sereyal la, pou yo pa oblije mennen yo deyò nan lakou eksteryè a, pou l ta transmèt sentete a pèp la.”

21Konsa, li te mennen m deyò nan lakou eksteryè a, e te mennen m travèse kat kwen lakou a; epi gade byen; nan chak kwen lakou a, te gen yon ti lakou. 22Nan kat kwen lakou a, te gen ti lakou fèmen karant koude nan longè e trant koude nan lajè, yo tout te nan menm mezi. 23Te gen yon miray ki te antoure yo, antoure yo toule kat, e pozisyon pou bouyi yo a te fèt toutozanviwon anba mi yo. 24Epi li te di m: “Sila yo se plas bouyi kote sèvitè kay yo va bouyi sakrifis a pèp yo.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Adoração, Deveres Reais e Cozinhas do Templo

  • A porta oriental do átrio interior permanecia fechada durante os seis dias de trabalho, sendo aberta apenas no sábado e no dia da lua nova. O príncipe devia permanecer junto ao batente da porta e adorar no limiar enquanto os sacerdotes ofereciam os seus sacrifícios, e a porta ficava aberta até a tarde.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Durante as festas fixas, os adoradores que entravam pela porta norte deviam sair pela porta sul, e os que entravam pelo sul deviam sair pelo norte. Além disso, as leis de propriedade proibiam expressamente que o príncipe tomasse as terras do povo, devendo dar herança a seus filhos apenas de seus próprios bens.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A visão detalha áreas de cozinha distintas no templo: câmaras especiais a oeste para os sacerdotes cozinharem as ofertas pelo pecado e pela culpa, e quatro átrios menores nos cantos do pátio externo, onde os ministros do templo preparavam os sacrifícios oferecidos pelo povo.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.