Ezequiel 45
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“‘“Anplis, lè ou divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo. 2Sòti nan pòsyon sa a, va gen pou kote sen an, yon pòsyon senk-san koude pa senk-san koude, ak yon espas ouvri de senkant koude nan lajè ki antoure li. 3Soti kote sa a, ou va mezire yon longè venn-senk-mil koude ak yon lajè di-mil koude. Nan li, va gen sanktyè a, kote ki sen pase tout kote a. 4Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktyè a. 5Yon kote venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè va pou Levit yo, sèvitè kay yo ak posesyon pa yo, vil pou yo rete ladann.
6“‘“Ou va bay vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”
7“‘“Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an, ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a, pou rive nan lizyè lès la. 8Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”
9“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a. 10“Ou va gen balans ki peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis. 11Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle. 12Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”
13“‘“Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj; 14Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat). 15Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a. 16“Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la. 17Se va devwa prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”
18“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo san defo pou netwaye sanktyè a. 19Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan. 20Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.
21“‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje. 22Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon towo pou yon ofrann peche. 23Pandan sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche. 24Li va founi kon yon ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, e yon mezi lwil ak yon efa.”
25“‘“Nan setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”

Você sabia?
A porção santa da terra e a liderança justa
- A visão estabelece um distrito sagrado dedicado ao santuário, com terras designadas para sacerdotes, levitas e a cidade, ladeado por propriedades para o príncipe, para que os governantes não desapropriassem nem oprimissem o povo.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto exige justiça econômica ao padronizar as medidas comerciais, fixando tanto o bate líquido quanto o efa seco em um décimo de um ômer, e definindo uma mina como sessenta siclos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em vez de exigir sacrifícios para benefício próprio, o príncipe é encarregado de fornecer as ofertas comunitárias de cereais, azeite e animais para as festas fixas, os sábados e a Páscoa.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 3
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org