Nations Bible

Ezequiel 38

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li. 3Di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal. 4Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe; 5Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas; 6Gomer ak tout twoup li yo; Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan nò a avèk tout twoup li yo—anpil moun avèk ou.”

7“‘“Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo. 8Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan tèren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout. 9Ou va monte. Ou va vini tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo.”

10“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan. 11Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo, 12pou kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.’ 13Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’

14“Pou sa, pwofetize, fis a lòm, e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa? 15Ou va sòti nan plas kote ki pi lwen yo nan nò a, ou menm ak anpil pèp avèk ou, yo tout ap galope cheval, yon gwo asanble e yon lame pwisan. 16Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”

17“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo? 18Li va vin rive nan jou sila a, lè Gog monte kont peyi Israël”, deklare Senyè BONDYE a: “ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan kòlè Mwen. 19Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo tranbleman detè nan peyi Israël. 20Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè. 21Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. “Nepe a tout moun va kont frè yo. 22Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf. 23Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Gogue e a Coalizão contra Israel

  • Muitas das nações mencionadas nesta profecia — incluindo Magogue, Meseque, Tubal e Gômer — remontam aos descendentes de Jafé em Gênesis 10. Escritores posteriores, como o pai latino da igreja Jerônimo, identificaram Magogue com tribos citas ferozes que habitavam as regiões ao norte do Cáucaso e do Mar Cáspio.Fontes: Magog · Meshech · Gomer (son of Japheth) · o próprio texto bíblico
  • A coalizão reunida sob Gogue inclui povos de extremos opostos do mundo antigo. Ao lado das tribos do norte estão a Pérsia, a leste, e Cuxe, ao extremo sul, representando as regiões ao sul do Egito.Fontes: Persia · Cush · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Meshech · Hoje: about 200 km around Gordion · 39.655, 31.994 · versículos 2, 3
  • Tubal · Hoje: Tabal · 37.296, 36.254 · versículos 2, 3
  • Cush · Hoje: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 5
  • Persia · 34.806, 48.516 · versículo 5
  • Gomer · Hoje: Asia Minor · 39.000, 32.000 · versículo 6
  • Sheba · 15.348, 44.206 · versículo 13

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.