Nations Bible

Ezequiel 37

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo. 2Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch. 3Li te di mwen: “Fis a lòm, èske zo sila yo kapab viv?”

Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”

4Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a. 5Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan. 6Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’” 7Konsa, mwen te pwofetize jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo. 8Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.

9Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”

10Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.

11Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’ 12Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël. 13Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an. 14Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp tèren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”

15Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di: 16“Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’ 17Konsa, pou kont ou, fè yo vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”

18“Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm sa ou vle di ak sa yo?’ 19Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M. 20Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’ 21Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo. 22Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò. 23Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”

24“‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo. 25Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan. 26Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan. 27Anplis, abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen. 28Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”

Você sabia?

O Vale de Ossos Secos e a Restauração de Israel

  • Ezequiel é levado pelo Espírito a um vale repleto de ossos secos, que Deus identifica como toda a casa de Israel, que se sentia desprovida de esperança. Por meio das palavras do profeta, os ossos se unem, recebem carne e pele, e ganham o fôlego trazido pelos quatro ventos, simbolizando Deus tirando o povo do exílio e restaurando-o em sua terra.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Deus ordena a Ezequiel que escreva em dois pedaços de madeira separados — um representando Judá e o outro representando José e Efraim — e os junte em uma só mão. Essa ação simboliza a reunificação dos reinos do norte e do sul em uma única nação, governada por um único pastor chamado Davi.Fontes: o próprio texto bíblico · Ephraim · David
  • O povo restaurado recebe a promessa de habitar para sempre na terra dada ao patriarca Jacó, sob uma aliança eterna de paz. Deus afirma que colocará o seu santuário no meio deles para sempre, servindo como testemunho de sua santificação diante das nações.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.