Ester 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a. 2Lè wa a te wè Esther, rèn nan, te kanpe nan lakou a, li te twouve favè nan zye li. Konsa, wa a te lonje baton a wa a fèt an lò ki te nan men l lan, vè Esther. Pou sa, Esther te pwoche pre pou te touche pwent an wo baton an.
3Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”
4Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”
5Alò wa a te di: “Mennen Haman byen vit pou nou kapab fè kon Esther vle a.” Konsa, wa a avèk Haman te vini nan bankè ke Esther te prepare a.
6Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.”
7Konsa, Esther te reponn: “Men petisyon mwen an e sa ke m mande a: 8Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”
9Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée nan pòtal palè a wa a, e te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée. 10Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, Zérescha. 11Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite pitit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.
12Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a. 13Malgre tout sa, mwen vin pa kontan chak fwa ke m wè Mardochée, Jwif ki chita nan pòtay a wa a.”
14Epi Zéresch, madanm li an, te di li: “Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.

Você sabia?
Ester diante do rei e a trama de Hamã
- Quando Ester entrou no pátio interno em seus trajes reais, o rei Assuero estendeu o cetro de ouro em sua direção, demonstrando favor e convidando-a a apresentar seu pedido.Fontes: o próprio texto bíblico
- Hamã servia como vizir ou primeiro-ministro do rei Assuero e é identificado como agagita, o que o associava à família real dos amalequitas, inimigos históricos dos judeus.Fontes: Haman · o próprio texto bíblico
- Frustrado porque Mardoqueu não se levantava nem tremia diante dele na porta do rei, Hamã seguiu o conselho de sua esposa Zeres e de seus amigos para construir uma forca de cinquenta côvados de altura.Fontes: Zeresh · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org