Ester 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim. 2Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a. 3Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann.
4Konsa, sèvant a Esther yo avèk enik li yo te vin di li sa, e rèn nan te tòde vire ak gwo lapèn. Konsa, li te voye rad pou abiye Mardochée pou l ta kab retire twal sak la sou li, men li te refize. 5Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa? 6Konsa, Hathac te sòti ale kote Mardochée nan plas lavil la devan pòtay a wa a. 7Mardochée te rakonte li tout sa ki te rive li an detay, kantite fòs ajan ke Haman te fè pwomès pou bay nan kès a wa a pou fin detwi tout Jwif yo. 8Anplis, li te bay li yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a.
9Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo. 10Esther te pale avèk Hathac e te mande li bay repons a Mardochée: 11“Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.”
12Yo te pataje pawòl a Esther yo avèk Mardochée. 13Epi Mardochée te di yo reponn a Esther: “Pa imajine ke ou menm nan palè a wa a kab gen chans chape plis ke tout lòt Jwif yo. 14Paske, si ou rete an silans nan moman sa a, sekou avèk delivrans va sòti pou Jwif yo soti yon lòt kote, e ou menm avèk lakay papa ou va peri. Kilès ki kab konnen si se pa pou moman sa a ke ou te rive nan pozisyon wayal sila a.”
15Alò, Esther te di yo prepare reponn Mardochée, 16“Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.” 17Konsa, Mardochée te sòti ale fè jis sa ke Esther te bay li lòd fè a.

Você sabia?
A Decisão de Ester de Interceder por Seu Povo
- Ao tomar conhecimento do decreto contra os judeus, Mardoqueu vestiu-se de pano de saco e cinzas, mas a lei real proibia expressamente a entrada de qualquer pessoa com trajes de luto pelo portão do rei.Fontes: o próprio texto bíblico
- Como a rainha Ester residia no palácio real e Mardoqueu permanecia do lado de fora em roupas de luto, a comunicação entre eles foi realizada por Hatáque, um eunuco real designado para servir a rainha.Fontes: o próprio texto bíblico · Hatach
- A lei da corte persa determinava que qualquer pessoa que entrasse no pátio interno diante do rei sem ter sido chamada seria executada, a menos que o monarca lhe estendesse o cetro de ouro para poupar sua vida.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org