Nations Bible

Daniel 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo— 2nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo. 3Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.

4Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di:

“O SENYÈ, Gran Bondye ki etonan an, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo, 5nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo. 6Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.

7Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo. 8O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou. 9A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li. 10Ni nou pa t obeyi vwa SENYÈ Bondye nou an, pou mache nan enstriksyon ke Li te mete devan nou pa sèvitè Li yo, pwofèt yo. 11Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou.

Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li. 12Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan. 13Jan sa ekri nan lalwa Moïse la, tout malè sa a te vini sou nou. Malgre sa, nou pa t chache gras a SENYÈ a, Bondye nou an, ak desizyon pou vire kite inikite nou, e vin okipe nou de verite pa Ou a. 14Akoz sa, SENYÈ a te kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.

15Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste. 16O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.

17Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, kite fas ou briye sou sanktyè dezole Ou a. 18O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou. 19O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.”

20Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an— 21pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a. 22Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon konprann. 23Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an.

24“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.

25“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble. 26Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens lan ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafen. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine. 27Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Oração de Daniel e as Setenta Semanas

  • Daniel compreendeu, a partir dos livros sagrados com a profecia de Jeremias, que a desolação de Jerusalém duraria setenta anos. Essa constatação o levou a buscar a Deus com profunda intercessão, jejum, pano de saco e cinzas, confessando os pecados de seu povo.Fontes: o próprio texto bíblico · Jeremiah
  • Enquanto Daniel ainda orava na hora do sacrifício da tarde, o anjo Gabriel — cujo nome significa "Campeão de Deus" — veio até ele para lhe dar entendimento. Gabriel transmitiu a profecia sobre as "setenta semanas" decretadas para a cidade santa e para o povo.Fontes: o próprio texto bíblico · Gabriel
  • Em sua oração de confissão, Daniel reconheceu que a destruição de Jerusalém e o exílio do povo cumpriam diretamente a maldição e o juramento escritos na Lei de Moisés.Fontes: o próprio texto bíblico · Moses

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 7, 12, 16, 20, 25
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 15
  • Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 24

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.