Nations Bible

Daniel 8

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a. 2Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la. 3Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e se sa ki pi long lan ki te leve an dènye. 4Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.

5Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn parèt byen klè antre zye li. 6Li te pwoche kote belye ki te gen de kòn nan, belye ke m te wè kanpe devan kanal la, e li te kouri fò sou li ak gwo chalè pwisans li. 7Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li. 8Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè kat van syèl yo.

9Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a. 10Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo. 11Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba. 12Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere.

13Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: “Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?”

14Li te di mwen: “Pandan de-mil-twa-san swa ak maten. Epi alò, sen lye a va vin pwòp ankò.”

15Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon moun. 16Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: “Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.”

17Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”

18Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te touche mwen, e te fè m kanpe dwat.

19Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an. 20Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo. 21Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a. 22Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.

23“Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa ki ensolan, e ki plen devinèt koken, va leve. 24Pouvwa li a va trè pwisan, men se p ap pwòp pouvwa li. Konsa, li va detwi anpil ak gran pwisans. Li va gen gran siksè, e li va fè sa li pito. Li va detwi mesye pwisan ak moun ki sen yo. 25Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze san èd moun.

26“Vizyon sila a, aswè ak maten ki te pale a, se verite. Men sele vizyon an, pou l pa pale menm, paske li apatyen a anpil jou ki gen pou vini.”

27Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A visão do carneiro e do bode

  • Em sua visão, Daniel se vê na cidadela de Susã, na província de Elão, junto ao canal de Ulai. Susã era a antiga capital de Elão, e o Ulai, chamado pelos gregos de Eulaus, era um rio que se dividia em dois braços perto da cidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Susa · Ulai · Elam
  • Esta passagem traz a primeira aparição bíblica do anjo Gabriel por seu próprio nome. Gabriel recebe a ordem de explicar a visão profética a Daniel, que desfalece de temor antes de ser posto em pé pelo anjo.Fontes: o próprio texto bíblico · Gabriel
  • A visão fornece identificações geopolíticas explícitas: o carneiro de dois chifres representa os reis da Média e da Pérsia, enquanto o bode peludo representa o rei da Grécia.Fontes: o próprio texto bíblico · Media · Persia · Greece

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Elam · 32.189, 48.258 · versículo 2
  • Susa · Hoje: Shush · 32.189, 48.258 · versículo 2
  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 9
  • Media · 34.806, 48.516 · versículo 20
  • Persia · 34.806, 48.516 · versículo 20
  • Greece · 37.972, 23.727 · versículo 21

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.