Nations Bible

Atos 15

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”

2Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a. 3Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.

4Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konplè de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.

5Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”

6Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.

7Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè. 8Bondye ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an. 9Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.

10“Alò konsa, poukisa nou mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote? 11Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”

12Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.

13Apre yo te fin pale Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen. 14Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li. 15Epi avèk sa a, pawòl a pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a:

16‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen.

Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a.

Mwen va rebati ranblè li yo,

e Mwen va restore li

17pou tout rès limanite a kapab chache Bondye,

ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’

18di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.

19“Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san. 21Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li konn li nan sinagòg yo chak Saba.”

22Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. 23Yo te voye lèt sa a avèk yo:

“Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.

24“Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou, 25li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul. 26Se mesye yo ki riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.

27“Konsa, nou voye Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.

28“Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”

30Donk, lè yo te voye yo ale, yo te desann Antioche. Yo te rasanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la. 31Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay. 32Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.

33Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo. 34Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.

35Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.

36Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”

37Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.

38Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.

39Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.

40Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a. 41Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O concílio sobre os crentes gentios

  • A controvérsia começou em Antioquia, às margens do Orontes, cerca de trezentas milhas ao norte de Jerusalém, cidade que então ocupava o terceiro lugar entre as cidades do Império Romano, depois de Roma e Alexandria. A caminho do concílio, Paulo e Barnabé passaram pela Fenícia, uma faixa litorânea de cerca de cento e vinte milhas, e pela Samaria. Uma nota cronológica data o Concílio de Jerusalém em 46 d.C.Fontes: Antioch (Syria) · Phenicia · o próprio texto bíblico · Jerusalem Council
  • O Easton's Bible Dictionary (1897) afirma que Tiago, a quem chama de irmão ou parente próximo de Jesus, dirigia a igreja em Jerusalém e presidiu o concílio sobre os gentios. A carta que se seguiu foi endereçada aos crentes gentios em Antioquia, na Síria e na Cilícia. A Cilícia, província de origem de Paulo e província marítima romana no sudeste da Ásia Menor desde 67 a.C., incluía sua cidade natal, Tarso.Fontes: James (Brother of Jesus) · o próprio texto bíblico · Cilicia · Paul
  • Judas, chamado Barsabás, e Silas, também conhecido como Silvano, eram profetas e homens de destaque da igreja de Jerusalém, enviados para confirmar pessoalmente a decisão do concílio. Um desentendimento posterior e acirrado por causa de João Marcos, primo de Barnabé, separou os dois missionários: Barnabé levou Marcos e embarcou para Chipre, enquanto Paulo escolheu Silas. Uma nota cronológica data essa separação em 47 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · Silas · John Mark · Paul and Barnabas part ways

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Antioch · Hoje: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículos 1, 22, 23, 30, 35
  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 3, 4, 22, 23, 33
  • Phoenicia · 33.271, 35.196 · versículo 3
  • Samaria · Hoje: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · versículo 3
  • Cilicia · 36.913, 34.892 · versículos 23, 41
  • Syria · Hoje: Syria 2 · 33.511, 36.306 · versículos 23, 41
  • Pamphylia · 37.000, 31.000 · versículo 38
  • Cyprus · 35.000, 33.000 · versículo 39

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.