Atos 14
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Nan Icone yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.
2Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.
3Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.
4Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a Jwif yo, e kèk vè apòt yo.
5Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan lapide yo, 6yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an. 7Epi la Yo te kontinye preche bòn nouvèl la.
8Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache. 9Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen lafwa pou l ta geri, 10li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.
11Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an “Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.” 12Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.
13Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.
14Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele 15“Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann. 16Nan jenerasyon ki pase yo, Li te pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo. 17Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”
18Malgre tout pawòl sa yo, se te avèk difikilte ke yo te anpeche foul la fè sakrifis a yo menm.
19Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.
20Men pandan disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la.
Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe. 21Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. 22La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.” 23Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
24Konsa, yo te travèse Pisidie, pou rive Pamphylie. 25Lè yo te fin pale pawòl la nan Perge, yo te desann Attalie.
26Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a. 27Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te kòmanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo. 28La yo te pase anpil tan avèk disip yo.

Você sabia?
Paulo e Barnabé na Licaônia
- Icônio era a capital da Licaônia, província romana no interior da Ásia Menor, cujas principais cidades eram Icônio, Listra e Derbe. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) situa Icônio, a atual Konieh, no sopé do monte Tauro, a cerca de 120 milhas terra adentro; Listra ficava numa região agreste, e Derbe era uma pequena cidade a cerca de vinte milhas de Listra, na parte oriental do planalto.Fontes: Iconium · Lycaonia · Lystra · Derbe
- Quando um homem coxo desde o nascimento começou a andar, a multidão em Listra gritou na língua licaônia que os deuses tinham descido em forma humana, chamando Barnabé de Zeus e Paulo de Hermes, porque Paulo era o principal orador. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) usa os nomes romanos Júpiter e Mercúrio e diz que Barnabé provavelmente foi tomado por Júpiter por causa de uma aparência solene e venerável; sobre a fala local, afirma que a língua era provavelmente o antigo assírio, embora outros a tenham considerado um grego corrompido misturado com palavras siríacas.Fontes: o próprio texto bíblico · Lystra · Lycaonia
- Essa passagem pela Licaônia pertence à primeira viagem missionária de Paulo, que uma cronologia data de 45 d.C. e de cerca de um ano. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) observa que Paulo não sofreu perseguição em Derbe; de lá, ele e Barnabé voltaram a Listra, Icônio e Antioquia da Pisídia para fortalecer os discípulos e designar anciãos, e depois seguiram pela Pisídia.Fontes: First Missionary Journey · Derbe · Antioch (Pisidia) · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Iconium · Hoje: Konya · 37.872, 32.492 · versículos 1, 19, 21
- Lycaonia · 38.000, 33.000 · versículos 6, 11
- Lystra · Hoje: Tel Lystra · 37.602, 32.338 · versículos 6, 8, 21
- Antioch · Hoje: Antioch in Pisidia · 38.306, 31.189 · versículos 19, 21
- Pamphylia · 37.000, 31.000 · versículo 24
- Pisidia · 38.306, 31.189 · versículo 24
- Attalia · Hoje: Antalya · 36.881, 30.704 · versículos 25, 26
- Perga · 36.960, 30.854 · versículo 25
- Antioch · Hoje: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículos 26, 27
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org