2 Crônicas 3
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an. 2Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a. 3Alò, sila yo se fondasyon ke Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude. 4Galri ki te devan kay la te menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi. 5Li te kouvri gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn. 6Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm. 7Anplis, li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te grave cheriben yo sou mi yo.
8Alò, li te fè chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò. 9Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri chanm anlè yo avèk lò.
10Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò. 11Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an. 12Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an. 13Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan. 14Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.
15Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude. 16Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo. 17Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.

Você sabia?
A construção do Templo de Salomão
- Salomão começou a construir o templo em Jerusalém no monte Moriá, no local da eira de Ornã, o jebuseu. Davi havia insistido anteriormente em comprar essa propriedade pelo preço total depois que o anjo destruidor foi detido ali, preparando o lugar para a casa do SENHOR.Fontes: o próprio texto bíblico · Ornan · Mount Moriah
- O interior do templo foi revestido de ouro puro e decorado com pedras preciosas, com ouro trazido de Parvaim. A localização exata de Parvaim é incerta, embora alguns a tenham associado a Ofir ou entendido o termo como uma referência genérica a regiões orientais.Fontes: o próprio texto bíblico · Parvaim
- Em frente ao templo foram erguidas duas colunas imponentes com capitéis decorativos, correntes entrelaçadas e cem romãs esculpidas. Salomão chamou a coluna do sul de Jaquim e a do norte de Boaz.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 1
- Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículos 8, 10, 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org