Nations Bible

2 Crônicas 2

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, Salomon te deside bati yon kay pou non SENYÈ a ak yon palè wayal pou pwòp tèt li. 2Pou sa, Salomon te chwazi swasann-di-mil mesye pou pote chaj, katreven-mil mesye pou taye wòch nan mòn yo, e twa-mil-sis-san pou sipèvize.

3Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen. 4Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.

5“Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo. 6Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.

7“Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo.

8“Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Epi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo, 9pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy. 10Alò, gade byen, mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.”

11Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: “Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.” 12Konsa, Huram te kontinye: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm.

13“Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann, 14fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David.

15“Alò, pou sa, kite mèt mwen an voye kote sèvitè li yo ble avèk lòj, lwil ak diven sou sa li te pale yo. 16Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”

17Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun. 18Li te chwazi swasann-di-mil nan yo pou pote chaj yo, katreven mil nan yo pou taye wòch nan mòn yo e twa-mil-sis-san sipèvizè pou fè moun yo travay.

Você sabia?

Preparativos para a Construção do Templo

  • Para obter madeira para o templo, Salomão renovou a aliança de Davi com Hirão, rei da cidade fenícia de Tiro. Hirão providenciou para que madeiras de cedro, cipreste e sândalo da cordilheira do Líbano fossem unidas em jangadas e transportadas pelo mar Mediterrâneo até o porto de Jope, de onde os trabalhadores de Salomão as levariam por terra até Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Hiram · Joppa · Lebanon
  • O mestre artífice enviado por Hirão para coordenar os trabalhos artísticos foi Hurão-Abi, cuja mãe era da tribo israelita de Dã e o pai era de Tiro. Sua perícia abrangia metalurgia, cantaria, carpintaria, entalhe e a tecelagem e tingimento de tecidos finos em púrpura, carmesim e azul.Fontes: o próprio texto bíblico · Dan · Hiram
  • Salomão organizou uma enorme força de trabalho composta por estrangeiros residentes na terra de Israel, totalizando 153.600 homens conforme um recenseamento anterior iniciado por Davi. Esses homens foram designados como carregadores, cortadores de pedra nas pedreiras das montanhas e supervisores das obras.Fontes: o próprio texto bíblico · David

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 3, 11, 14
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 7, 16
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 8, 16
  • Great Sea · Hoje: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 16
  • Joppa · Hoje: Jaffa · 32.054, 34.753 · versículo 16

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.