Nations Bible

2 Crônicas 15

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la. 2Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou. 3Pandan anpil jou, Israël te kon san vre Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa. 4Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li. 5Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo. 6Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub. 7Men nou menm, kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo.”

8Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a. 9Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li. 10Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a. 11Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a. 12Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo; 13epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm. 14Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a. 15Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.

16Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an. 17Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo. 18Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti. 19Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a.

Você sabia?

A Reforma Religiosa de Asa e a Renovação da Aliança

  • Incentivado pela mensagem do profeta Azarias, filho de Odede, o rei Asa removeu os ídolos detestáveis de Judá e restaurou o altar do SENHOR diante do pórtico do templo.Fontes: o próprio texto bíblico · Azariah · Asa
  • A renovação espiritual em Judá atraiu pessoas de tribos do norte, como Efraim, Manassés e Simeão, que se estabeleceram em Jerusalém ao verem que o SENHOR estava com Asa.Fontes: o próprio texto bíblico · Ephraim · Manasseh (son of Joseph)
  • Asa também destituiu sua avó Maaca da posição real por ela ter feito um poste idólatra de Aserá, o qual o rei despedaçou e queimou no vale do Cedrom, no lado leste de Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Maachah · Kidron

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Kidron · Hoje: Kidron River · 31.780, 35.240 · versículo 16

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.