Nations Bible

2 Crônicas 14

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo. 2Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a, 3paske li te retire lotèl etranje yo avèk wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk Asherim yo. 4Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an. 5Li te osi retire wo plas yo avèk lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li. 6Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo. 7Paske li te di a Juda: “Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.

8Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.

9Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan Maréscha. 10Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréscha a. 11Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”

12Konsa, SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale. 13Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj. 14Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj. 15Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

As reformas e a vitória de Asa

  • Ao suceder seu pai Abias, o rei Asa iniciou amplas reformas religiosas em Judá, removendo altares estrangeiros, altares de incenso, lugares altos, colunas sagradas e postes de Aserá para restabelecer o culto a Deus.Fontes: Asa · o próprio texto bíblico
  • O exército de Judá contava com divisões tribais distintas: 300.000 guerreiros de Judá equipados com grandes escudos e lanças, além de 280.000 guerreiros de Benjamim armados com escudos menores e arcos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Quando Zerá, o cuxita, invadiu com uma imensa força de um milhão de homens e trezentos carros de guerra, Asa o enfrentou no vale de Zefatá, perto de Maressa, derrotando completamente os invasores e perseguindo-os até Gerar.Fontes: Zerah · Mareshah · Gerar · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 1
  • Mareshah · Hoje: Tel Maresha · 31.593, 34.898 · versículos 9, 10
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 15

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.