Nations Bible

2 Crônicas 12

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a. 2Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, 3avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo. 4Li te kaptire vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem. 5Epi Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”

6Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: “SENYÈ a jis.”

7Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: “Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak. 8Men yo va devni esklav li, pou yo kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.”

9Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay. 10Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo. 11Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo. 12Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, tout bagay te mache byen an Juda.

13Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan. 14Li te fè mal, paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.

15Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan. 16Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, Abija te vin wa nan plas li.

Você sabia?

A invasão de Sisaque e o reinado de Roboão

  • No quinto ano do reinado de Roboão, o faraó Sisaque (identificado como Sheshonk I) invadiu Judá com um grande exército de coalizão, conquistando cidades fortificadas e chegando a Jerusalém. Registros das campanhas militares de Sisaque foram preservados no pórtico em Carnaque, na antiga Tebas.Fontes: Shishak · o próprio texto bíblico
  • Depois que Sisaque saqueou os tesouros do templo e do palácio real, incluindo os escudos de ouro feitos durante o reinado de Salomão, Roboão os substituiu por escudos de bronze. Os guardas do palácio carregavam essas réplicas de bronze sempre que o rei ia à casa do SENHOR, guardando-as na câmara da guarda logo em seguida.Fontes: o próprio texto bíblico · Shishak · Solomon
  • O relato sobre o reinado de Roboão cita registros históricos redigidos pelo profeta Semaías e pelo vidente Ido. Semaías transmitiu advertências proféticas aos líderes de Judá durante a invasão egípcia, enquanto Ido escreveu relatos genealógicos e históricos.Fontes: o próprio texto bíblico · Shemaiah · Iddo

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 3, 9
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 4, 5, 7, 9, 13
  • Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 13
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 16

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.