Nations Bible

2 Crônicas 11

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam. 2Men pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di: 3“Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di: 4‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam.

5Roboam te viv Jérusalem, e li te bati vil pou fè defans nan Juda. 6Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa, 7Beth-Tsur, Soko, Adullam, 8Gath, Maréscha, Ziph, 9Adoraïm, Lakis, Azéka 10Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin. 11Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven. 12Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li.

13Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo. 14Paske Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a. 15Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo. 16Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 17Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te bay soutyen a Roboam, fis Salomon an pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.

18Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a. 19Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham. 20Apre, li te pran Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith. 21Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi. 22Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa. 23Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout tèritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Roboão Fortalece Judá

  • Depois de ser advertido pelo profeta Semaías a não travar uma guerra civil contra as tribos do norte, Roboão fortificou quinze cidades estratégicas em Judá e Benjamim — incluindo Belém, Hebrom e Laquis —, guarnecendo-as com comandantes, escudos, lanças e provisões de alimentos, azeite e vinho.Fontes: o próprio texto bíblico · Shemaiah · Bethlehem
  • Quando Jeroboão rejeitou os levitas e nomeou seu próprio sacerdócio para os ídolos de bezerros e bodes no norte, sacerdotes e levitas abandonaram suas terras e migraram para Judá e Jerusalém, acompanhados por adoradores fiéis de todas as tribos de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Jeroboam
  • Roboão amou sua esposa Maaca, descendente de Absalão, mais do que a todas as outras, e nomeou o filho dela, Abias, como príncipe principal e herdeiro do trono, enquanto distribuía seus outros filhos pelas cidades fortificadas com abundantes provisões.Fontes: o próprio texto bíblico · Maachah · Abijah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 5, 14, 16
  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículo 6
  • Tekoa · Hoje: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · versículo 6
  • Socoh · Hoje: Tel Socho · 31.682, 34.975 · versículo 7
  • Mareshah · Hoje: Tel Maresha · 31.593, 34.898 · versículo 8
  • Lachish · Hoje: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · versículo 9
  • Hebron · Hoje: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículo 10

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.