1 Reis 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël. 2Sila yo se te ofisye pa li yo: Azaria, fis a Tsadok a, prèt la; 3Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; Josaphat, fis a Achilud la, grefye; 4epi Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt; 5Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a; 6epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.
7Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane. 8Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. 9Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan. 10Ben-Hésed nan Arubboth (Soco te pou li avèk tout tèritwa Hépher); 11Ben-Abinadab nan wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li). 12Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean. 13Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li); 14Achinadab, fis a Iddo a nan Mahanaïm; 15Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an); 16Banna, fis a Huschaï a nan Aser avèk Bealoth; 17Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar; 18Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin; 19Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a.
20Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi. 21Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo. 22Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin, 23dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra. 24Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo. 25Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo. 26Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye. 27Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen. 28Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo. 29Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. 30Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la. 31Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. 32Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk. 33Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason. 34Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.

Você sabia?
A corte e a administração de Salomão
- Salomão organizou seu reino sob oficiais principais e doze governadores regionais, cada um responsável por fornecer mantimentos para a corte real durante um mês do ano. Essa rede sustentava a casa de Salomão com grandes suprimentos diários de farinha, gado e caça, além de fornecer forragem para milhares de cavalos em um domínio que se estendia até o rio Eufrates.Fontes: o próprio texto bíblico · Euphrates
- A administração de Salomão manteve continuidade com a corte de Davi, preservando o sumo sacerdote Zadoque, o comandante do exército Benaia, filho de Joiada, e o cronista real Jeosafá, filho de Ailude. Seus secretários, Eliorefe e Aías, eram filhos de Sisa (também registrado como Savsa), que havia servido anteriormente como escrivão de Davi.Fontes: o próprio texto bíblico · Zadok · Benaiah · Jehoshaphat
- O relato bíblico celebra a vasta sabedoria de Salomão, observando que ele compôs três mil provérbios e mais de mil cânticos. Seu conhecimento registrado abrangia a história natural, desde os imponentes cedros do Líbano até o pequeno hissopo que brota nos muros, além de animais, aves, répteis e peixes.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Megiddo · Hoje: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · versículo 12
- Taanach · Hoje: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · versículo 12
- Argob · 32.969, 36.455 · versículo 13
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículos 13, 19
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 13, 19
- Havvoth-jair · 32.588, 35.726 · versículo 13
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 21, 30
- Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículos 21, 24
- Gaza · Hoje: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 24
- Dan · Hoje: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 25
- East · Hoje: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículo 30
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 33
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org