Nations Bible

1 Reis 3

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Apre, Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan. 2Menpèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo. 3Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo. 4Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a. 5Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”

6Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a. 7Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. 8Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. 9Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”

10Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. 13Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. 14Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”

15Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.

16Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l. 17Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la. 18Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye. 19Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li. 20Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen. 21Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.”

22Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a.

23Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’”

24Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.

25Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”

26Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.”

Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”

27Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”

28Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Sabedoria e o Julgamento de Salomão

  • Salomão formou uma aliança com o Egito ao se casar com a filha do faraó, marcando a primeira menção nas Escrituras de uma ligação entre Israel e o Egito desde o Êxodo. Ela residiu na Cidade de Davi enquanto o palácio real de Salomão, o templo e os muros ao redor de Jerusalém estavam sendo construídos.Fontes: Daughter of Pharaoh · o próprio texto bíblico
  • Antes da construção do templo em Jerusalém, o povo e o rei Salomão ofereciam sacrifícios nos lugares altos locais. Gibeão era considerado o principal lugar alto porque o tabernáculo havia sido instalado ali após a destruição de Nobe, permanecendo no local até que Salomão concluísse o templo.Fontes: Gibeon · o próprio texto bíblico
  • Tendo sucedido a Davi no trono em sua juventude, Salomão descreveu a si mesmo como uma criança pequena quando Deus lhe apareceu em sonho em Gibeão. Em vez de pedir riquezas, vida longa ou a derrota de seus inimigos, ele pediu um coração compreensivo para julgar o povo e discernir entre o bem e o mal.Fontes: Solomon · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 1
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 15
  • Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículos 4, 5

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.