1 Coríntios 13
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
4Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

Você sabia?
O amor acima de todos os dons
- Sem amor, diz o capítulo, falar em línguas de homens e de anjos é apenas um gongo que ressoa ou um címbalo que retine. Quem tem profecia, poder para sondar todos os mistérios e todo o conhecimento, e fé capaz de mover montanhas não é nada; quem dá aos pobres tudo o que possui, ou entrega o próprio corpo, não ganha nada.Fontes: o próprio texto bíblico
- O amor é paciente e bondoso. Não inveja, não se gaba nem age com orgulho; não é grosseiro, não busca o próprio interesse nem se ira com facilidade, e não guarda conta das ofensas. Não se alegra com o mal, alegra-se com a verdade e tudo suporta, tudo crê, tudo espera e tudo persevera.Fontes: o próprio texto bíblico
- O amor, diz o capítulo, jamais acaba, mas as profecias cessarão, as línguas serão contidas e o conhecimento será dispensado. O que agora se conhece e se profetiza é parcial, como o raciocínio de uma criança ou um reflexo embaçado num espelho, em vez de ver face a face. Permanecem a fé, a esperança e o amor, e o maior deles é o amor.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org