1 Coríntios 12
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, konsènan don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo. 2Nou konnen ke lè nou te payen, nou te mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou. 3Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte pa Lespri Sen an.
4Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
12Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye. 13Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.
14Paske kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm. 15Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a. 16Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a. 17Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye? 18Men koulye a Bondye byen plase manm yo, yo chak nan kò a jis jan Li te vle a. 19Si yo tout te yon sèl manm, kote kò a t ap ye? 20Men koulye a gen anpil manm, men yon sèl kò. 21Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.” 22Okontrè, li pi vre ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè. 23Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab, 24pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo, 25jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt. 26Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
27Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li. 28Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. 29Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! 30Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! 31Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.

Você sabia?
Dons espirituais e um só corpo
- O capítulo começa lembrando que os leitores, quando eram pagãos, eram levados a ídolos mudos. Em seguida, estabelece um critério para o que se diz de Jesus: ninguém que fala pelo Espírito de Deus amaldiçoa Jesus, e ninguém pode confessar que Jesus é Senhor senão pelo Espírito Santo.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os dons, os ministérios e os modos de agir são diferentes, mas vêm do mesmo Espírito, do mesmo Senhor e do mesmo Deus, que realiza todas as coisas em todas as pessoas. A manifestação do Espírito é dada a cada um para o bem comum, e o único Espírito as distribui — entre elas sabedoria, conhecimento, fé, curas, milagres, profecia, discernimento de espíritos, variedade de línguas e interpretação — como ele determina. As perguntas do final dizem o mesmo: nem todos são apóstolos, profetas ou mestres, e nem todos falam em línguas ou as interpretam.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os muitos membros são comparados a um só corpo, e o mesmo se diz de Cristo. Em um só Espírito todos foram batizados nesse único corpo, judeus ou gregos, escravos ou livres, e a todos foi dado beber de um só Espírito. As partes que parecem mais fracas são chamadas indispensáveis, e às consideradas menos honrosas é dada maior honra, para que não haja divisão e os membros sofram e se alegrem juntos.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org