Nations Bible

1 Crônicas 5

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan. 2Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph), 3fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi. 4Fis a Joël yo: Schemaeja, fis pa li a, Gog, fis pa li a; Schimeï, fis pa li a; 5Michée, fis pa li a; Reaja, fis pa li a; Baal, fis pa li a. 6Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo. 7Fanmi a Beéra yo, selon fanmi pa yo, nan istwa zansèt yo te Jeiel, chèf la ak Zechariah. 8Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e tèritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon; 9nan lès, li te rete jis rive nan antre dezè a soti nan rivyè Euphrate la, akoz bèt pa yo te tèlman ogmante nan peyi Galaad la.

10Nan jou a Saül yo, yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout tèritwa lès a Galaad la.

11Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi Basan an jis rive Salca. 12Joël te chèf e Schapham te dezyèm nan ak Jaenaï avèk Schaphath nan Basan. 13Fanmi pa yo selon lakay papa yo: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Zia ak Éber, sèt antou. 14Sila yo se te fis a Abichaïl yo, fis a Huri a, fis a Jaroach la, fis a Galaad la, fis a Micaël la, fis a Jeschischaï a, fis a Jachdo a, fis a Buz la; 15Achi, fis a Abdiel la, fis a Guni a, tèt lakay papa yo. 16Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout tèren patiraj yo nan Saron jis rive nan limit lizyè pa yo. 17Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a Jotham yo, wa Juda a ak nan jou Jéroboam yo, wa Israël.

18Fis a Ruben yo ak Gadit yo avèk mwatye Manassé yo, mesye a gwo kouraj yo, mesye ki te pote boukliye avèk nepe yo, te tire avèk banza e yo te fò nan batay, karant-kat-mil-sèt-san-swasant moun ki te ale nan gè a. 19Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, Jethur, Naphisch ak Nodab. 20Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li. 21Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm. 22Paske anpil moun te mouri, akoz lagè a te sòti nan Bondye. Epi yo te vin rete nan plas pa yo jis rive nan lè egzil la.

23Alò, fis a mwatye tribi Manassé yo te rete nan peyi a; soti nan Bashan jis rive nan Baal-Hermon avèk Senir e Mòn Hermon yo te anpil. 24Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo. 25Men yo te aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a. 26Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser la, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan an, kote yo rete menm jis rive jodi a.

Você sabia?

As tribos orientais de Israel

  • Embora Rúben fosse o filho primogênito de Jacó, ele perdeu os direitos de primogenitura por causa de sua má conduta. A primogenitura foi transferida para os filhos de José, enquanto a liderança tribal acabou vindo de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Reuben · Joseph (son of Jacob)
  • As tribos de Rúben, Gade e a meia tribo de Manassés se estabeleceram a leste do rio Jordão, nas pastagens de Gileade e Basã. Quando seu exército combinado de mais de 44.000 guerreiros clamou a Deus na batalha, eles derrotaram os hagarenos e capturaram imensos rebanhos de gado.Fontes: o próprio texto bíblico · Gilead · Bashan
  • Devido à infidelidade posterior a Deus, as tribos que viviam a leste do Jordão foram levadas para o exílio por Tiglate-Pileser, rei da Assíria, também chamado de Pul nos registros bíblicos.Fontes: o próprio texto bíblico · Tilgath-pilneser

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 6, 26
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 9
  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 9, 10, 16
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículos 11, 12, 16, 23
  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 23
  • Senir · Hoje: Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 23

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.