Nations Bible

1 Crônicas 4

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal. 2Reaja, fis a Shobal la, te vin papa a Jachath; Jachath te fè Achumaï avèk Lahad. Sila yo se te fanmi a Soreatyen yo. 3Men desandan a Étham yo: Jizreel, Jischma ak Jidbach; sè yo te rele Hatselelponi. 4Penuel se te papa a Guedor e Ézer papa a Huscha. Men fis a Hur yo; premye ne a, Éphrata, papa a Bethléem. 5Aschchur, papa a Tekoa, te gen de madanm: Hélea avèk Naara. 6Naara te fè pou li Achuzzam, Hépher, Thémeni ak Ashaschthari: men fis a Naara yo. 7Fis a Hélea yo: Tséreth, Tsochar ak Ethnan. 8Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo.

9Jaebets te gen plis onè pase frè li yo e manman li te rele li Jaebets epi te di: “akoz mwen te fè l avèk gwo doulè”.

10Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.”

Epi Bondye te bay li sa li te mande a.

11Kelub, frè a Schucha a, te fè Mechir ki te papa a Eschthon. 12Eschthon te soti lakay Rapha, Paséach ak Thechinna, papa a Nachasch. Sila yo se te moun a Réca yo. 13Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath. 14Meonothaï te fè Ophra. Seraja te fè Joab, papa a atizan yo; paske li menm te yon atizan. 15Fis a Caleb yo, ki te fis a Jephunné a: Iru, Éla avèk Naam e fi yo, Éla avèk Kenaz. 16Fis a Jehalléleel yo: Ziph, Zipha, Thirja ak Asareel. 17Fis a Esdras yo: Jéther, Méred, Épher ak Jalon. Madanm a Méred la te fè Miriam, Schammaï ak Jischbach, papa Eschthemoa. 18Madanm li, Juif te fè Jéred, papa a Guedor, Héber, papa a Soco, avèk Jekuthiel, papa a Zanoach. 19Fis a madanm a Hodija yo, sè a Nacham nan, se te zansèt a Kehila yo, Gamyen yo, ak Eschthemoa, Maakatyen yo. 20Fis a Simon yo: Amnon, Rinna, Ben-Hanan ak Thilon. Epi fis a Jischeï yo: Zocheth ak Ben-Zocheth. 21Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo, 22avèk Jokim, mesye a Cozéba yo, Joas ak Saraph, ki te renye Moab avèk Jaschubi-Léchem. Achiv sila yo tèlman ansyen. 23Sila yo se te moun ki te fè veso ajil ki te abite Netayaim avèk Gedera; yo te rete la avèk wa a pou fè travay li. 24Fis a Siméon yo: Nemuel, Jamin, Jarib, Zérach, Saül. 25Schallum, fis li a. Mibsam, fis li a. 26Fis a Mischma yo: Hammuel, fis li a, Zaccur, fis li a ak Schimeï, fis li a. 27Schimeï te gen sèz fis avèk sis fi. Frè li yo pa t fè anpil fis, ni fanmi pa yo pa t miltipliye kon fis a Juda yo. 28Yo te rete Beer-Schéba, nan Molada ak nan Hatsar-Schual, 29nan Bilha, nan Etsem, nan Tholad, 30nan Bethuel, nan Horma, nan Tsiklag, 31nan Beth-Marcaboth, nan Hatsar-Susim, nan Beth-Bireï ak nan Schaaraïm. Sila yo se te vil pa yo jiska règn a wa David la. 32Vilaj pa yo te Etham, Ain, Rimmon, Thoken ak Aschan, senk vil yo; 33epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo. 34Meschobab, Jamlec, Joscha, fis a Amatsia a; 35epi Joël avèk Jéhu, fis a Joschibia a, fis a Seraia a, fis a Asiel la; 36Eljoénaï, Jaakoba, Jeschochaja, Asaja, Adiel, Jesimiel, Benaja, 37Ziza, fis a Allon an, fis a Jedaja a, fis a Schimri a, fis a Schemaeja a. 38Sila ki mansyone pa non yo se te chèf lakay fanmi pa yo; epi lakay zansèt pa yo te chèf nan fanmi pa yo e lakay fanmi pa yo te grandi anpil. 39Yo te rive jis nan antre Guedor, jis nan kote lès a vale a pou chache patiraj pou twoupo pa yo. 40Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, peyi a te vast e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham. 41Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo. 42Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a. 43Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Genealogias de Judá e Simeão

  • A genealogia de Judá faz uma breve pausa para destacar Jabez, cujo nome estava associado à dor de seu nascimento. Ele orou pedindo que Deus o abençoasse, ampliasse suas terras e o guardasse do mal, e o registro bíblico nota que Deus atendeu ao seu pedido.Fontes: Jabez · o próprio texto bíblico
  • Ao contrário de listas focadas apenas em governantes políticos, este capítulo registra corporações de ofício específicas, incluindo os artesãos de Gê-Harasim, os tecelões de linho em Bete-Asbeia e oleiros que habitavam em Netaim e Gederá a serviço do rei.Fontes: Beth-ashbea · Netaim · o próprio texto bíblico
  • Durante o reinado do rei Ezequias de Judá, líderes de clãs da tribo de Simeão migraram para o sul em busca de novas pastagens para seus rebanhos, estabelecendo povoados em terras férteis perto de Gedor e do monte Seir.Fontes: Simeon · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículo 4
  • Tekoa · Hoje: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · versículo 5
  • Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 22

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.