Nations Bible

1 Crônicas 28

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout tèren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo. 2Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li. 3Men Bondye te di mwen: ‘Ou p ap bati yon kay pou non Mwen, akoz ou se yon nonm lagè, e ou te vèse san.’ 4Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël jis pou tout tan. 5Pami tout fis mwen yo, (paske SENYÈ a te ban mwen anpil fis), Li te chwazi fis mwen an, Salomon pou chita sou twòn wayòm SENYÈ a sou Israël. 6Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li. 7Mwen va etabli wayòm li jis pou tout tan si avèk tout kè li, li fè kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, jan sa ap fèt koulye a.’”

8“Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.

9“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan. 10Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktyè a. Pran kouraj e aji.”

11Epi David te bay a fis li Salomon, plan pou fè galri tanp lan, tout chanm li yo, avèk chanm trezò li yo, chanm anlè li yo, chanm enteryè li yo, ak chanm pou twòn pwopiyatwa a; 12epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo; 13anplis, pou divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout travay sèvis lakay SENYÈ a e pou tout zouti sèvis lakay SENYÈ yo; 14pou zouti an lò yo, lò pou tout zouti pou tout kalite sèvis yo, pou zouti an ajan yo, ajan pou tout zouti a tout kalite sèvis yo; 15epi lò pou baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye; 16epi pwa a lò a pou tab pen konsakre pou chak tab la; epi ajan pou tab an ajan yo; 17epi fouchèt yo, basen yo ak krich an lò pi yo; epi pou bòl an lò yo avèk pwa pou chak bòl; epi pou bòl an ajan avèk pwa a chak bòl; 18epi pou lotèl lansan an lò rafine pa pwa; epi lò pou modèl a cha a, menm cheriben ki te ouvri zèl yo pou te kouvri lach akò SENYÈ a. 19David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”

20Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske tout lèv pou lakay SENYÈ a fini. 21Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Davi comissiona Salomão e entrega os planos do templo

  • Davi explicou à assembleia de líderes israelitas em Jerusalém que, embora desejasse construir um templo para a arca da aliança, Deus o proibiu por ele ter sido um homem de guerra que derramou sangue. Em vez disso, Deus escolheu Salomão, entre os muitos filhos de Davi, para reinar e edificar o santuário.Fontes: o próprio texto bíblico · David · Solomon
  • Davi entregou a Salomão projetos arquitetônicos detalhados para os edifícios, divisões sacerdotais e utensílios sagrados, com os pesos exatos de ouro e prata e o modelo do querubim dourado. Ele declarou que todos os detalhes desse plano lhe foram revelados por escrito pela mão do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.