Nations Bible

1 Crônicas 27

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Men chif kontwòl a fis Israël yo, chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn yo, avèk chèf pa yo ki te sèvi wa a nan tout afè divizyon ki te antre sòti mwa pa mwa pandan tout mwa nan ane yo, chak divizyon te konte a venn-kat-mil sòlda:

2Sou tèt a premye divizyon an pou premye mwa a te Jaschobeam, fis a Zabdiel la; nan divizyon pa li a te gen venn-kat-mil òm. 3Sòti nan fis a Pérets yo, chèf a tout kòmandan lame a pou premye mwa a. 4Sou tèt a divizyon dezyèm mwa a te Dodaï, Achochit la; Mikloth te youn nan chèf yo nan divizyon pa li yo; epi li te gen nan divizyon pa li a, venn-kat-mil òm. 5Twazyèm kòmandan lame a pou twazyèm mwa a te Benaja, fis a prèt la, Jehojada kon chèf; epi nan divizyon pa li te gen venn-kat-mil òm. 6Benaja sila a se te nonm pwisan a trant yo e li te an chaj sou trant yo; epi Ammizadab, fis li a, te sou divizyon pa li. 7Katriyèm nan pou katriyèm mwa a te Asaël, frè a Joab la e apre li, Zebadia, fis li a; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 8Senkyèm nan pou senkyèm mwa a te kòmandan Schamehuth, Jizrachit la; epi te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 9Sizyèm nan pou sizyèm mwa a te Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 10Setyèm nan pou setyèm mwa a te Hélets, Pelonit lan, sòti nan fis a Éphraïm yo; li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 11Uityèm nan, pou uityèm mwa a te Sibbecaï, Ouchatit la, sòti nan Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 12Nevyèm nan pou nevyèm mwa a te Abiézer, Anathoth la, sòti nan Benjamit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 13Dizyèm nan pou dizyèm mwa a te Maharaï, Netofayit la nan fanmi Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 14Onzyèm nan pou onzyèm mwa a te Benaja, Piratit la, sòti nan fis Éphraïm nan; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 15Douzyèm nan, pou douzyèm mwa a te Heldaï, Netofit la, sòti nan fanmi Othniel la; epi li te gen yon divizyon venn-kat-mil òm.

16Men chèf a tribi Israël yo. Chèf a Ribenit yo; Éliézer, fis a Icri a; pou Simeonit yo: Schephathia, fis a Maaca a; 17pou Levit yo: Haschabia, fis a Kemuel la; nan fanmi Aaron an: Tsadok; 18pou Juda: Élihu, frè a David la; pou Issacar: Omri, fis a Micaël la; 19pou Zabulon: Jischemaeja, fis a Abdias la; pou Nephthali: Jerimoth, fis a Azriel la; 20pou fis Éphraïm yo: Hosée, fis a Azazia a; pou mwatye tribi a Manassé a: Joël, fis a Pedaja a; 21pou mwatye tribi Manassé nan Galaad: Jiddo, fis a Zacharie a, pou Benjamin: Jaasiel, fis a Abner a; 22pou Dan: Azareel, fis a Jerocham nan. Sila yo se te chèf a tribi Israël yo. 23Men David pa t kontwole sila nan laj ventan oswa mwens yo, akoz SENYÈ a te di Li ta miltipliye Israël kon zetwal syèl yo. 24Joab, fis a Tseruja a, te kòmanse fè gwo kontwòl la, men li pa t fini; epi akoz gwo kòlè sa a ki te vin rive sou Israël e fòs kantite a pa t ladann nan chif kontwòl a Wa David la.

25Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo. 26Ezri, fis a Kelub la te responsab tout ouvriye agrikòl ki te travay tè yo. 27Schimeï, Ramatit la te gen chaj sou chan rezen yo; epi Zabdi, Shefamit lan, te an chaj tout pwodwi a chan rezen ki te depoze nan depo diven anba tè yo. 28Baal-Hanan Gedetit la, te an chaj chan bwa oliv ak bwa sikomò nan gran plèn nan e Joasch te an chaj depo lwil yo. 29Schithraï, Sawonit lan te an chaj bèt ki t ap manje nan Saron yo; epi Schaphath, fis a Adlaï a, sou bèf ki te nan vale yo. 30Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo. 31Jaziz, Agarenyen an, te an chaj bann mouton yo. Tout sila yo te sipèvizè nan tèren ki te apatyen a Wa David la.

32Anplis, Jonathan, tonton David la, te yon konseye, yon nonm ak bon konprann e yon skrib; epi Jehiel, fis a Hacmoni an, te pwofesè a fis Wa yo. 33Achitophel te yon konseye a wa a e Huschaï, Akyen an, te zanmi a wa a. 34Jehojada, fis a Benaja a avèk Abiathar te ranplase Achitophel; epi Joab te kòmandan lame wa a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Organização do Exército Real e da Administração

  • Davi organizou o exército em doze divisões mensais de 24.000 homens cada, totalizando 288.000 soldados ao longo do ano. Cada divisão servia em regime de rodízio por um único mês sob um comandante designado, garantindo a prontidão nacional enquanto permitia que os soldados retornassem às suas vidas civis.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A administração do reino incluía supervisores especializados designados para gerenciar as vastas propriedades agrícolas do rei Davi, armazéns, vinhedos e rebanhos. Oficiais atuavam em diversas regiões, incluindo a fértil planície de Sarom e as colinas, cuidando de gado, camelos, jumentos e ovelhas.Fontes: o próprio texto bíblico · Saron
  • A corte de Davi contava com conselheiros pessoais de confiança ao lado de líderes tribais e comandantes militares. Entre esses conselheiros estavam seu tio Jônatas, destacado por seu discernimento e trabalho como escriba, Aitofel e Husai, o arquita, que detinha o título específico de amigo do rei.Fontes: o próprio texto bíblico · Ahithophel

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Tekoa · Hoje: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · versículo 9
  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 21
  • Shepham · Hoje: within 100 km of Hermel · 34.397, 36.387 · versículo 27
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 28
  • Sharon · Hoje: Sharon Plain · 32.400, 34.883 · versículo 29

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.