Romanos 7
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Frè m' yo, mwen sèten nou konnen sa m' pral di nou la a deja, paske nou konn lalwa a: Se toutotan yon moun ap viv lalwa gen pouvwa sou li. 2M'ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l' devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a. 3Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l' vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè. 4Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye. 5Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò. 6Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la. 7Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou. 8Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri. 9Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m' te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò. 10Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m' lavi a, se li menm ki ban m' lanmò. 11Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m' ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an. 12Men, lalwa a se yon bagay ki soti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon. 13Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l' fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou. 14Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki soti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m', li fè m' tounen esklav li. 15Lè m' fè yon bagay, mwen pa konprann sa m' fè a. Paske, sa m' ta vle fè a, se pa sa m' fè. Epi sa m' pa vle fè a, se li mwen fè. 16Si sa m' pa t' vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon. 17Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. 18Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li. 19Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. 20Epi, si m' fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l', men se peche ki nan mwen an ki fè li. 21Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè. 22Nan fon kè m', mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa Bondye a. 23Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen. 24Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò? 25Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m' santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.
Você sabia?
A autoridade da lei e o conflito interior
- Este capítulo afirma que a lei tem autoridade sobre uma pessoa apenas enquanto essa pessoa vive. Explica isso com o casamento: a mulher está ligada pela lei ao marido enquanto ele vive, mas, se ele morre, ela é libertada da lei do casamento e não é chamada de adúltera mesmo que se case com outro homem. O autor diz então que seus irmãos também morreram para a lei por meio do corpo de Cristo, para pertencer àquele que foi ressuscitado dentre os mortos, dar fruto para Deus e servir no novo caminho do Espírito, e não no antigo caminho do código escrito.Fontes: o próprio texto bíblico
- Quando o autor pergunta se a lei é pecado, ele responde: "Certamente que não!" Diz que não teria tido consciência da cobiça se a lei não tivesse dito: "Não cobiçarás", e que o pecado, apoderando-se da oportunidade por meio do mandamento, produziu nele todo tipo de desejo cobiçoso. Ele chama a lei de santa, e o mandamento de santo, justo e bom, ao mesmo tempo que afirma que o pecado produziu morte nele por meio do que era bom, para que o pecado fosse exposto como pecado e se tornasse totalmente pecaminoso.Fontes: o próprio texto bíblico
- O autor diz que a lei é espiritual, mas que ele não é espiritual, vendido como escravo ao pecado: não faz o bem que quer e continua fazendo o mal que odeia. No seu ser interior, ele se deleita na lei de Deus, mas outra lei em ação no seu corpo guerreia contra a lei da sua mente e o mantém cativo da lei do pecado que habita nele. Ele pergunta quem o resgatará deste corpo de morte, dá graças a Deus por meio de Jesus Cristo, nosso Senhor, e conclui que, com a mente, serve à lei de Deus, mas, com a carne, serve à lei do pecado.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org