Nations Bible

Romanos 6

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? 2Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche? 3Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li. 4Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. 5Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou. 6Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. 7Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a. 8Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. 9Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. 10Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. 11Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri. 12Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè. 13Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen. 14Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye. 15Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, èske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non. 16Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye. 17Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou. 18Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye. 19M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li. 20Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen. 21Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò. 22Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 23Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.

Você sabia?

Mortos para o pecado, vivos para Deus

  • Romanos 6 começa perguntando se as pessoas deveriam continuar no pecado para que a graça aumente, e responde: “De modo nenhum!” Quem morreu para o pecado, argumenta o capítulo, não pode continuar vivendo nele.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O batismo é apresentado como batismo em Cristo Jesus e em sua morte, e como sepultamento com ele, para que, assim como Cristo foi ressuscitado dentre os mortos pela glória do Pai, os que estão unidos a ele andem em novidade de vida.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Por causa da fraqueza da carne, o capítulo diz que fala em termos humanos e compara a vida à escravidão: a pessoa se torna escrava daquilo a que obedece, seja o pecado, que leva à morte, seja a obediência, que leva à justiça. O texto termina contrastando o salário do pecado, que é a morte, com o dom de Deus, que é a vida eterna em Cristo Jesus, nosso Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.