Romanos 15
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman. 2Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye. 3Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure. 4Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye. 5Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. 6Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Seyè nou an. 7Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. 8Men sa m' vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l' te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l' te moutre jan Bondye kenbe pawòl li. 9Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou. 10Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a. 11Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li! 12Ezayi di tou: Li gen pou l' vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li. 13Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a. 14Frè m' yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy. 15Men, mwen te penmèt mwen ekri nou sou anpil pwen nan lèt mwen an pou mwen te ka fè nou chonje sa nou te konnen deja. Mwen te penmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye te fè m' lan, 16pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a. 17Se pou sa, mwen gen dwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye. 18-(we vèsè pwochen) 19Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou. 20Men, lanbisyon m' se te pou m' fè konnen bon nouvèl la sèlman kote moun pa t' ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m' pa t' bati sou fondasyon lòt moun te poze, 21jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pa t' ankò konnen l' yo va wè. Moun ki pa t' ankò tande nonmen non l' yo va konprann. 22Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou. 23Men, koulye a, mwen pa gen anyen ki kenbe m' nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou. 24Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m' ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou. 25Men, koulye a, mwen pral Jerizalèm pou m' ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis. 26Legliz ki nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm. 27Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo. 28Lè m'a fini avèk zafè sa a, le m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Espay, m'a pase wè nou sou wout. 29Mwen konnen le m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive. 30Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen. 31Lapriyè pou m' ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a. 32Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou. 33Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.

Você sabia?
A esperança dos gentios e o caminho para o oeste
- Paulo escreve que proclamou plenamente o evangelho de Cristo desde Jerusalém, dando a volta até o Ilírico. O dicionário bíblico de Easton (1897) situa essa região a noroeste da Macedônia, na costa oriental do Adriático, e a descreve como então quase inteiramente compreendida na Dalmácia; afirma que ele percorreu o Ilírico na terceira viagem missionária, que foi o distrito mais distante que alcançou na pregação e que uma viagem pela Macedônia o teria levado até as fronteiras dessa região.Fontes: o próprio texto bíblico · Illyricum
- Ele espera ver os crentes de Roma a caminho da Espanha e, depois de entregar em Jerusalém a contribuição da Macedônia e da Acaia, partir para a Espanha passando por eles. O dicionário bíblico de Easton (1897) registra essa intenção, mas observa que não há evidência de que ele a tenha realizado, embora alguns pensem que provavelmente o fez entre a sua primeira e a sua segunda prisão.Fontes: o próprio texto bíblico · Spain
- Citando Isaías, ele diz que a Raiz de Jessé apareceria e se levantaria para governar os gentios, e que os gentios poriam nele a sua esperança. Jessé foi o pai de Davi, e o dicionário bíblico de Easton (1897) afirma que a expressão raiz de Jessé é usada para o Messias, enquanto tronco de Jessé é usada para a família de Davi.Fontes: o próprio texto bíblico · Jesse
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Illyricum · 43.539, 16.483 · versículo 19
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 19, 25, 26, 27, 31
- Rome · 41.892, 12.485 · versículo 24
- Spain · Hoje: Hispania · 40.210, -4.350 · versículos 24, 28
- Achaia · 38.720, 22.540 · versículo 26
- Macedonia · 41.600, 22.540 · versículo 26
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 31
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org