Nations Bible

Romanos 14

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen. 2Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay; gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase. 3Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a. 4Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li. 5M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo. 6Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi. 7Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Seyè a, 8si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye. 9Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo. 10Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a. 11Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye. 12Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo. 13Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche. 14Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li. 15Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l' te ka sove l' tou. 16Sa ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fè yo pale ou mal. 17Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo. 18Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa. 19Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye. 20Piga kraze travay Bondye a poutèt yon keksyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche. 21Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche. 22Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l' pou tèt ou devan Bondye. benediksyon pou yon moun ki pa santi l' koupab lè l'ap fè sa li kwè li dwe fè. 23Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l' lè l' manje l', paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.

Você sabia?

Comida, dias e não julgar uns aos outros

  • Este capítulo liga a fé fraca a escolhas concretas: uma pessoa tem fé para comer de tudo, enquanto outra, que é fraca, come só legumes, e uma pessoa considera certo dia acima dos demais, enquanto outra considera todos os dias iguais. Quem come de tudo não deve desprezar quem não come, e quem não come não deve julgar quem come, porque Deus o aceitou.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Quer alguém coma ou se abstenha, quer observe um dia especial, o capítulo diz que cada um o faz para o Senhor e dá graças a Deus. Ninguém vive nem morre só para si: se vivemos, vivemos para o Senhor, e se morremos, morremos para o Senhor, pois Cristo morreu e voltou à vida para ser Senhor tanto dos mortos como dos vivos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo afirma uma convicção pessoal de que nada é impuro em si mesmo, mas que, se alguém considera algo impuro, então para essa pessoa é impuro. É melhor não comer carne nem beber vinho do que fazer o irmão tropeçar, pois o reino de Deus não é questão de comer e beber, mas de justiça, paz e alegria no Espírito Santo.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.