Salmos 96
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! 2Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. 3Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. 4Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. 5Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la. 6Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a! 7Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! 8Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! 9Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. 10Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri. 11Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. 12Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan, 13lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.

Você sabia?
Um Cântico Universal de Louvor e Julgamento
- O Salmo 96 estende um convite para além de Israel, chamando todas as famílias das nações a reconhecer o Senhor, trazer ofertas aos seus átrios e abandonar os ídolos dos povos em reconhecimento ao Criador dos céus.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo retrata o mundo natural — incluindo os céus, a terra, o mar bravio, os campos e as árvores da floresta — como participantes que se alegram porque o Senhor vem governar e julgar todos os povos com justiça e retidão.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org