Salmos 95
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! 2Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! 3Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo. 4Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou. 5Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'. 6Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an! 7Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou: 8-Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa. 9Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo. 10Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. 11Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.

Você sabia?
Um Chamado ao Louvor e uma Solene Advertência
- O Salmo 95 começa como um convite para adorar a Deus com cânticos e ações de graças, celebrando-o como um grande Rei, Criador dos mares e montanhas, e o pastor que cuida de Seu povo. O salmo convida a comunidade não apenas a cantar com júbilo, mas também a se prostrar e se ajoelhar diante de seu Criador.Fontes: o próprio texto bíblico
- Na segunda metade do salmo, o tom muda repentinamente para uma advertência divina contra o endurecimento do coração. O texto relembra a rebelião em Meribá e Massá no deserto, onde o povo provou a Deus durante quarenta anos apesar de ter visto Suas obras, levando ao juramento divino de que não entrariam em Seu descanso.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Meribah · Hoje: within 500 m of Wadi Rufaiyil · 28.623, 33.880 · versículo 8
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org