Salmos 6
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(06:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (06:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè! 2(06:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi. 3(06:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò? 4(06:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri. 5(06:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. 6(06:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo. 7(06:8) Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo. 8(06:9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye. 9(06:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li. 10(06:11) Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
Você sabia?
Um Clamor por Misericórdia na Doença e na Angústia
- O cabeçalho dedica este salmo ao regente do coro, para ser executado com instrumentos de cordas segundo Seminite, atribuindo-o a Davi.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em seu apelo por livramento da angústia mortal, o salmista argumenta que no Sheol, o reino dos mortos, não há lembrança nem louvor a Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- Após descrever noites de choro intenso e sofrimento físico sob a opressão de inimigos, o salmo termina com uma súbita declaração de confiança de que o Senhor ouviu a oração e envergonhará os adversários.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org