Nations Bible

Salmos 5

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1(05:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (05:2) Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn! 2(05:3) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè. 3(05:4) Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen. 4(05:5) Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou. 5(05:6) Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste. 6(05:7) Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun. 7(05:8) Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou. 8(05:9) Seyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pran men m' pou m' ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m' wè chemen ou mete devan m' lan, fè m' wè l' aklè. 9(05:10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun. 10(05:11) Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou. 11(05:12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan. 12(05:13) Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.

Você sabia?

Uma oração matinal por orientação e proteção

  • O salmo é dedicado ao regente do coro para ser acompanhado por flautas e se estrutura como uma oração matinal, na qual o fiel apresenta sua súplica ao amanhecer e espera em prontidão.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O autor contrasta os inimigos perversos e enganadores com o adorador fiel que entra na casa de Deus e se inclina em reverência diante do santo templo, confiando na justiça divina e no amor leal.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.