Nations Bible

Salmos 147

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre! 2Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo. 3L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo. 4Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak. 5Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit. 6Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè. 7Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita. 8Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo. 9Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele. 10Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan. 11Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo. 12Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an! 13Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou. 14L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje. 15Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè. 16Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa. 17Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye? 18Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou. 19Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside. 20Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!

Você sabia?

Louvor ao Restaurador de Jerusalém e Criador

  • O Salmo 147 celebra a restauração de Jerusalém, descrevendo Deus como aquele que reúne os exilados dispersos de Israel e reforça os ferrolhos dos portões da cidade. Jerusalém e sua colina Sião são conclamadas a louvar a Deus por trazer paz às suas fronteiras.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem · Zion
  • O salmo justapõe a majestade cósmica de Deus com sua terna compaixão. O mesmo Senhor que determina o número das estrelas e comanda a neve, a geada e as águas do degelo é apresentado como aquele que cura os quebrantados de coração e alimenta os filhotes dos corvos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O poema termina destacando a aliança especial concedida aos descendentes de Jacó (Israel). Embora Deus envie suas ordens a toda a terra, seus estatutos e juízos foram revelados de forma única a Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 12
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 12

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.