Salmos 146
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a! 2M'ap pase tout lavi m' ap fè lwanj Seyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv. 3Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou. 4Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt. 5Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l', pou moun ki mete tout espwa l' nan Seyè a, Bondye li! 6Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li. 7Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje. 8Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li. 9Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo. 10Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!
Você sabia?
Louvor ao Ajudador Eterno
- O salmo adverte explicitamente contra colocar a confiança suprema em governantes mortais ou príncipes, ressaltando que os planos humanos perecem no momento em que o fôlego se vai e a pessoa retorna ao pó.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto caracteriza o Criador por meio de atos específicos de restauração social e física: dar alimento aos famintos, libertar os cativos, abrir os olhos dos cegos, erguer os abatidos e proteger estrangeiros, órfãos e viúvas.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ao invocar o Deus de Jacó e concluir com o reinado de Deus sobre Sião — a colina fortificada de Jerusalém —, o salmo ancora seu louvor universal na história e na geografia da aliança de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel) · Zion
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org