Nations Bible

Salmos 110

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. 2Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo. 3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a. 4Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk. 5Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo. 6L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè. 7Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l' yo.

Você sabia?

Rei e Sacerdote para Sempre

  • O Salmo 110 contém a única menção a Melquisedeque no Antigo Testamento fora de Gênesis 14. Identificado em Gênesis como o rei de Salém, seu papel singular como governante e sacerdote serve de base para o sacerdócio perpétuo celebrado neste salmo e posteriormente examinado na Epístola aos Hebreus.Fontes: o próprio texto bíblico · Melchisedec
  • O salmo retrata a autoridade real estendendo-se a partir de Sião, a colina ao sudeste de Jerusalém que Davi conquistou dos jebuseus para construir sua fortaleza, palácio e sede de governo.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.