Nations Bible

Salmos 109

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen. 2Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen. 3Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen. 4Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou. 5M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'. 6Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li. 7Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche. 8Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li. 9Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv. 10Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a. 11Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li. 12Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite. 13Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li. 14Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo. 15Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè, 16paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo. 17Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon. 18Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'. 19Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon. 20Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo. 21Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'. 22Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann. 23Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale. 24Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil! 25Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib. 26Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè. 27Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'. 28Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan. 29Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo. 30M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini, 31paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Um clamor contra falsos acusadores

  • O salmo pede que um acusador ou adversário se coloque à direita do inimigo em julgamento (versículo 6). Essa linguagem jurídica emprega o termo hebraico correspondente a Satanás, que significa acusador ou adversário, contrastando com o versículo 31, onde o próprio Senhor se põe à direita do necessitado.Fontes: o próprio texto bíblico · Satan
  • O autor retrata um sofrimento pessoal intenso diante de calúnias maliciosas, descrevendo joelhos enfraquecidos pelo jejum, um corpo definhado e a sensação de ser sacudido como um gafanhoto enquanto a vida se desfaz como uma sombra ao entardecer.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.