Nations Bible

Números 36

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, 2yo di yo konsa: -Seyè a te ba ou, Moyiz, lòd pou ou te separe peyi a bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo dapre sa ki va soti pou yo lè y'a tire osò. Apre sa, Seyè a ta ba ou lòd pou ou te pran pòsyon ki pou Zelochad, fanmi nou an, pou ou bay pitit fi li yo. 3Men, si medam sa yo marye ak yon nonm ki fè pati yon lòt branch nan fanmi pèp Izrayèl la, pòsyon ki pou yo a pral soti sou tè zansèt pa nou yo. Konsa, pòsyon tè ki pou branch fanmi nonm yo marye a pral vin pi plis, epi pòsyon tè ki te vin pou nou an lè yo te tire osò a pral vin pi piti. 4Lè lanne rejwisans lan va rive pou moun pèp Izrayèl yo, yo pral pran pòsyon tè ki te pou medam sa yo, yo pral wete l' nan pa branch fanmi zansèt nou yo, yo pral mete l' sou pa branch fanmi mari yo. 5Se konsa, dapre lòd Seyè a te ba li, Moyiz bay moun pèp Izrayèl yo regleman sa a pou yo swiv. Li di yo konsa: -Moun branch fanmi Jozèf yo gen rezon. 6Se poutèt sa, men lòd Seyè a bay: Pitit fi Zelochad yo lib marye moun yo vle, depi se yon moun ki nan menm branch fanmi ak yo. 7Pòsyon tè yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. 8Si yon fi vin eritye yon pòsyon nan tè yonn nan branch fanmi pèp Izrayèl la, se pou l' marye ak yon moun ki nan menm branch fanmi avè l'. Konsa, chak moun va kenbe eritaj zansèt yo nan fanmi an. 9Tè yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. 10Se konsa, pitit fi Zelochad yo fè jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 11Mala, Tiza, Ogla, Milka ak Noa marye ak pitit gason tonton yo bò papa. 12Yo marye nan branch fanmi Manase, pitit Jozèf la. Konsa, pòsyon tè papa yo a rete nan menm branch fanmi an. 13Men tout lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.

Você sabia?

Leis de Herança e Fronteiras Tribais

  • Os líderes dos clãs de Gileade e Manassés procuraram Moisés a respeito da herança concedida anteriormente às filhas de Zelofeade, alertando que, se elas se casassem com homens de outras tribos, suas terras seriam transferidas em definitivo da tribo de seus pais no Ano do Jubileu.Fontes: o próprio texto bíblico · Zelophehad
  • Para manter o território tribal intacto, foi estabelecida uma regra geral exigindo que herdeiras de terras se casassem dentro da tribo de seu pai. As cinco filhas de Zelofeade—Maca, Tirza, Hogla, Milca e Noa—cumpriram essa ordem ao se casarem com primos paternos.Fontes: o próprio texto bíblico · Zelophehad · Mahlah · Tirzah
  • Este capítulo encerra o livro de Números nas planícies de Moabe, junto ao Jordão, na altura de Jericó, local do último acampamento de Israel no deserto antes de entrar em Canaã.Fontes: o próprio texto bíblico · Moab · Jericho

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 13
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 13
  • Moab · Hoje: Moab 2 · 31.840, 35.674 · versículo 13

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.