Números 35
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Antan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj. 3Se nan lavil sa yo moun Levi yo va rete. Savann sa yo va rete pou yo, y'a sèvi pou zannimo yo ak pou tout lòt bèt y'a genyen. 4Savann yo va toutotou lavil yo. Y'a mezire mil senksan (01.500) pye depi ranpa lavil la nan chak direksyon. 5Konsa, savann yo va fè yon gwo teren kare kare ki va mezire twamil (03.000) pye sou chak bò: twamil pye sou bò lès, twamil pye sou bò lwès, twamil pye sou bò nò, twamil pye sou bò sid ak lavil la nan mitan l'. Y'a sèvi kote pou bèt moun Levi ki rete nan lavil la jwenn manje. 6Nan lavil n'a bay moun Levi yo, gen sis ladan yo ki va sèvi pou bay moun ki touye moun pwoteksyon. Apa sis lavil sa yo, n'a bay moun Levi yo karannde lòt lavil ankò. 7Antou, se pou nou bay moun Levi yo karantwit lavil ak tout savann pou bèt yo. 8Lè n'ap wete nan pòsyon ki pou pèp Izrayèl la lavil pou moun Levi yo, chak fanmi va bay dapre pòsyon tè li te resevwa. Sa ki gen pi gwo pòsyon an va bay plis. Sa ki gen ti pòsyon an va bay mwens. 9Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 10-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Kanaran an, 11se pou nou chwazi kèk lavil kote yon moun ki touye yon lòt san li pa fè espre ka kouri chache pwoteksyon. 12Se la y'a pwoteje l' anba fanmi mò a ki ta chache tire revanj mò a. Yo p'ap gen dwa touye l' toutotan yo pa jije l' devan tout moun. 13Nan lavil n'a bay moun Levi yo, sis va sèvi pou bay moun konsa pwoteksyon, 14twa lòt bò larivyè Jouden an sou bò solèy leve, twa bò isit nan peyi Kanaran an. 15Sis lavil sa yo va sèvi ni pou moun peyi a ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou osinon ki depasaj. Se la tout moun ki touye yon lòt san fè espre va kouri chache pwoteksyon. 16Si yon moun frape yon lòt ak yon bout fè epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 17Si yon moun bay yon lòt yon kout wòch epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 18Si yon moun bay yon lòt yon kout bwa epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 19Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'. 20Si yon moun rayi yon lòt epi li ba li yon move bourad pou li touye l', osinon si li voye yon bagay dèyè l' pou touye l', 21oswa ankò, paske li pa vle wè l' li bat li ak koutpwen pou l' touye l', epi li touye l' vre, li gen pou l' mouri tou. Se yon ansasen li ye. Moun ki fanmi pi pre moun li touye a va reskonsab pou touye l' tou, nenpòt lè li bare avè l'. 22Men, sipoze yon moun bay yon lòt yon move bourad san li pa fè espre, san li pa rayi l', osinon li voye yon bagay konsa konsa, epi l' al pran yon moun move kote san li pa t'ap voye l' dèyè l', 23oswa ankò, sipoze li voye yon wòch epi li pa wè sa, wòch la al tonbe sou yon moun, li touye l' frèt, san li pa t' rayi moun lan ni li pa t'ap chache fè moun lan mal, 24nan ka sa yo, men regleman pou moun pèp Izrayèl yo swiv pou yo regle bagay la ant moun ki te touye lòt la ak fanmi pi pre moun mouri a ki reskonsab pou tire revanj la. 25Pèp la va sove moun ki te touye lòt la anba men fanmi pi pre moun li touye a, l'a fè l' tounen nan lavil kote li te al kache kò l' la. Moun ki te touye lòt la va rete la jouk granprèt ki la lè sa a pou fè sèvis Bondye a va mouri. 26Si moun ki touye lòt la ta rive soti andeyò limit lavil kote li kache a, 27si moun ki fanmi pi pre moun li touye a bare avè l', epi li touye l', yo pa gen dwa fè fanmi pre a peye pou sa l' fè a. 28Paske moun ki touye yon lòt san li pa fè espre a fèt pou rete nan lavil kote li te kache a jouk granprèt ki la lè sa a va mouri. Se apre lanmò granprèt la ase l'a ka tounen lakay li. 29Regleman sa yo va sèvi tankou yon lwa pou nou pou tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 30Lè yon moun touye yon lòt, anvan yo touye l', se pou yo gen depozisyon divès temwen kont li. Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou kondannen yon moun. 31Nou pa gen dwa asepte lajan pou sove lavi yon moun yo kondannen pou mouri paske li touye yon lòt. Wè pa wè se pou nonm sa a mouri. 32Ni nou pa gen dwa asepte lajan pou penmèt yon moun ki kite lavil kote l' te kache a pou l' al lakay li anvan granprèt ki la lè sa a mouri. 33Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a. 34Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou rete a, paske mwen menm Seyè a, se nan mitan moun pèp Izrayèl yo, nan mitan peyi kote yo rete a, mwen rete tou.

Você sabia?
Cidades Levíticas e Cidades de Refúgio
- Ao contrário das outras tribos, os levitas não receberam uma faixa contínua de território. Em vez disso, os israelitas deveriam lhes fornecer quarenta e oito cidades com suas pastagens ao redor, cedidas por cada tribo de acordo com a proporção de sua herança territorial.Fontes: o próprio texto bíblico
- Seis das quarenta e oito cidades levíticas foram estabelecidas como cidades de refúgio, sendo três a leste do Jordão e três na terra de Canaã. Esses locais ofereciam proteção legal tanto a israelitas quanto a estrangeiros residentes que cometessem um homicídio involuntário, abrigando-os do vingador de sangue até o julgamento pela comunidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Canaan · Jordan
- A lei distinguia com precisão entre o homicídio doloso e a morte acidental, exigindo o testemunho de mais de uma testemunha para a pena capital. Além disso, proibia-se o pagamento de resgate para livrar um assassino ou para permitir que um homicida involuntário voltasse para casa antes da morte do sumo sacerdote.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 1
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 1, 10, 14
- Moab · Hoje: Moab 2 · 31.840, 35.674 · versículo 1
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículos 10, 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org