Mateus 4
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'. 2Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. 3Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen. 4Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou. 5Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalèm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan. 6Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. 7Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. 8Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo. 9Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'. 10Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi. 11Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'. 12Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l', li ale nan peyi Galile. 13Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo. 14Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: 15Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la, 16pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a. 17Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. 18Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. 19Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito. 20Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li. 21Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. 22Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y' ale avèk li. 23Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. 24Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. 25Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.

Você sabia?
Do deserto às margens da Galileia
- O tentador neste capítulo é chamado tanto de diabo como de Satanás, nome que significa "adversário" ou "acusador". Um dicionário bíblico observa que, no Novo Testamento, Satanás é usado de forma intercambiável com o diabo, e que ele tentou Jesus no deserto. Depois de jejuar quarenta dias e quarenta noites, Jesus recusou as exigências de transformar pedras em pão, de lançar-se do pináculo do templo e de adorar Satanás em troca dos reinos do mundo, respondendo com as Escrituras até que o diabo o deixou e anjos o serviram.Fontes: o próprio texto bíblico · Satan
- Quando Jesus soube que João tinha sido preso, retirou-se para a Galileia, deixou Nazaré e foi morar em Cafarnaum, à beira-mar, na região de Zebulom e Naftali, mudança que Mateus liga a palavras ditas por meio do profeta Isaías. Uma nota geográfica explica que a Galileia permaneceu por muito tempo ocupada por seus antigos habitantes e por isso passou a ser chamada "Galileia dos gentios". Cafarnaum não é mencionada no Antigo Testamento; um verbete sobre o lugar diz que, depois de Jesus ser expulso de Nazaré, ela se tornou a sua própria cidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Galilee · Capernaum
- Caminhando à beira do mar da Galileia — um lago que o Evangelho de João também chama de mar de Tiberíades, com cerca de doze milhas e meia de comprimento —, Jesus chamou dois pares de irmãos que trabalhavam como pescadores. Simão, chamado Pedro, e André estavam lançando uma rede; um dicionário bíblico observa que André, de Betsaida, fora primeiro discípulo de João Batista, e que os dois irmãos só se tornaram acompanhantes habituais de Jesus depois da prisão de João. Mais adiante, Tiago e João, filhos de Zebedeu, estavam num barco com o pai consertando redes; Jesus os chamou, e os dois pares deixaram o trabalho e o seguiram.Fontes: o próprio texto bíblico · Andrew · James (Son of Zebedee) · Sea of Galilee
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 25
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 12, 13, 15, 23, 25
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 12, 25
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 13
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 15, 25
- Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · versículo 18
- Syria · Hoje: Syria 2 · 33.511, 36.306 · versículo 24
- Decapolis · 32.717, 35.800 · versículo 25
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org