Mateus 3
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a. 2Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'. 3Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. 4Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa. 5Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. 6Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. 7Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? 8Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon. 9Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. 10Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. 11Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. 12Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. 13Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. 14Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou? 15Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò. 16Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. 17Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.

Você sabia?
Arrependimento e batismo no Jordão
- Mateus identifica João Batista como aquele de quem falou o profeta Isaías: uma voz que clama no deserto: “Preparem o caminho do Senhor”. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) registra que a missão de João foi objeto de profecia, citando este trecho, Isaías 40:3 e Malaquias 3:1, e que ele era de descendência sacerdotal — o pai, Zacarias, sacerdote da turma de Abias, e a mãe, Isabel, das filhas de Arão. Uma cronologia data tanto o início do ministério de João quanto o batismo de Jesus no ano 26 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · John the Baptist · John the Baptist Begins Ministry · John Baptizes Jesus
- João veio pregando no deserto da Judeia, e pessoas de Jerusalém, de toda a Judeia e de toda a região ao redor do Jordão foram ao seu encontro, confessando os pecados e sendo batizadas no rio Jordão. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) observa que, sob os romanos, no tempo de Cristo, Judeia designava a mais meridional das três divisões da Palestina, distinta da Galileia e da Samaria, e incluía os territórios de Judá, Benjamim, Dã, Simeão e parte de Efraim. Jesus veio da Galileia — chamada Galil pelos judeus — ao Jordão para ser batizado por João.Fontes: o próprio texto bíblico · Judea · Galilee
- João advertiu os fariseus e os saduceus a não se fiarem da afirmação “Temos a Abraão por pai”, dizendo que Deus podia suscitar filhos para Abraão a partir das pedras. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) explica o nome Abraão como “pai de uma multidão” e o descreve como filho de Terá, nomeado antes dos irmãos mais velhos porque era o herdeiro das promessas.Fontes: o próprio texto bíblico · Abraham
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 1, 5
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 5
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 5, 6, 13
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 13
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org