Nations Bible

Mateus 15

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa soti Jerizalèm, yo vin bò kot Jezi. Yo di li: 2Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje. 3Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo? 4Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'. 5Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Sa m' ta gen pou m' ba ou a, m' ofri l' bay Bondye, 6moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm. 7Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: 8Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. 9Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. 10Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: Koute byen sa m'ap di nou la a, manyè konprann sa: 11Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l' nan kondisyon sa a. 12Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Ou konnen farizyen yo ofiske poutèt sa ou sot di la a. 13Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li. 14Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a. 15Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Esplike nou parabòl sa a non. 16Jezi di: Nou menm tou, nou san konprann toujou! 17Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki antre nan bouch yon moun, sa pase nan vant li. Apre sa, li soti deyò. 18Men, bagay ki soti nan bouch yon moun, se nan kè l' sa soti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. 19Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti. 20Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men, keksyon manje san lave men, jan yo di l' la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. 21Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan zòn lavil Tir ak lavil Sidon. 22Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil. 23Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Fè l' ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou. 24Jezi reponn: Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen. 25Men, fanm lan vini, li lage kò l' nan pye Jezi, li di li konsa: Mèt, fè kichòy pou mwen non. 26Jezi reponn li: Sa pa bon pou m' wete pen nan bouch timoun yo pou m' jete l' bay chen. 27Lè sa a fanm lan di li: Se vre wi, Mèt. Men, chen manje ti kal pen ki tonbe anba tab mèt li. 28Lè sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l' la. Menm lè a, pitit fi l' la geri. 29Jezi kite kote l' te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la. 30Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo. 31Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la. 32Jezi rele disip li yo, li di: Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an. 33Disip yo mande li: Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje? 34Jezi mande yo: Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason. 35Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè. 36Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun. 37Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo. 38Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. 39Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, li ale nan yon peyi yo rele Magadan.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Tradição, a costa de Tiro e pão à beira do lago

  • Fariseus e escribas vieram de Jerusalém e perguntaram por que os discípulos de Jesus comiam sem lavar as mãos, tratando isso como uma quebra da tradição dos anciãos. Ele respondeu citando Isaías, que o Easton's Bible Dictionary (1897) identifica como filho de Amoz e situa nos reinados de Uzias, Jotão, Acaz e Ezequias, sobre gente que honra a Deus com os lábios enquanto o coração está longe.Fontes: o próprio texto bíblico · Isaiah
  • Jesus retirou-se então para a região de Tiro e Sidom, onde uma mulher cananeia pediu que ele curasse a filha e o chamou de Filho de Davi. Sidom, na costa do Mediterrâneo ao norte de Tiro, tomou o nome de Zidão, o filho mais velho de Canaã e antepassado dos sidônios e dos fenícios. Era a mais antiga cidade fenícia e a cidade-mãe de Tiro; ficava no território de Aser, mas nunca foi subjugada.Fontes: o próprio texto bíblico · Sidon · Tyre · Canaan
  • Depois, Jesus seguiu ao longo do mar da Galileia, sentou-se num monte e curou as pessoas postas a seus pés, antes de alimentar quatro mil homens, além de mulheres e crianças, com sete pães e alguns peixinhos. O Easton's Bible Dictionary (1897) observa que João chama esse lago de mar de Tiberíades e situa sua superfície a 682 pés abaixo do Mediterrâneo. O mesmo dicionário diz que a travessia de barco terminou em Magadã, nome que aparece só neste capítulo e que Marcos chama de Dalmanuta, na margem oeste do lago.Fontes: o próprio texto bíblico · Sea of Galilee · Magadan

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 21
  • Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 21
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 21
  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 22
  • Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · versículo 29

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.