Mateus 14
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi. 2Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo. 3Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. 4Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou. 5Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt. 6Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. 7Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. 8Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato. 9Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a. 10Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. 11Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li. 12Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y al di Jezi sa ki te pase. 13Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li. 14Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo. 15Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo. 16Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm. 17Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a. 18Jezi di yo: Pote yo ban mwen. 19Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. 20Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. 21Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. 22Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale. 23Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li. 24Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo. 25Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo. 26Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè. 27Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. 28Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a. 29Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi. 30Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non! 31Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt? 32Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. 33Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre. 34Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt. 35Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. 36Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
Você sabia?
A morte de João e o mar da Galileia
- O tetrarca Herodes é Herodes Antipas, filho de Herodes com Malthace. Herodias, filha de Aristóbulo e Berenice, deixou o marido, Herodes Filipe I, irmão de Antipas, e casou-se com Antipas; o Easton's Bible Dictionary (1897) também identifica Filipe como pai de Salomé. João disse que o casamento era ilícito, e Antipas o prendeu e depois mandou decapitá-lo, provavelmente no castelo de Maqueronte, segundo esse relato.Fontes: o próprio texto bíblico · Herod Antipas · Herodias · Philip
- Uma cronologia data a decapitação de João, a alimentação dos cinco mil e Jesus andando sobre o mar, todas em 29 d.C. Depois que os discípulos de João sepultaram o corpo e avisaram Jesus, ele se retirou de barco para um lugar solitário, mas as multidões o seguiram a pé desde as cidades.Fontes: John Beheaded · Feeding of Five Thousand · Jesus Walks on Water · o próprio texto bíblico
- Depois de atravessar o mar, desembarcaram em Genesaré, cidade de Naftali na margem ocidental do lago ao qual ela deu o nome. A cidade se chamava Quinerete e, mais tarde, Genezar e Genesaré; não resta vestígio dela, e uma cronologia data as curas ali em 29 d.C. Sua planície, notável pela fertilidade e pela beleza, foi chamada de Paraíso da Galileia e hoje se chama el-Ghuweir.Fontes: Gennesaret · Healing in Gennesaret · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org